111
1 Louwe SENYÈ a!
Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m,
[~1~]Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.
2 [~2~]Gran se zèv a SENYÈ yo!
Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.
3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo.
Ladwati Li dire jis pou tout tan.
4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt.
SENYÈ a [~3~]ranpli ak gras avèk mizerikòd.
5 Li te [~4~]bay manje a sila ki gen lakrent Li yo.
Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.
6 Li te fè pèp Li wè pouvwa a a zèv Li yo,
lè L te bay yo nasyon yo kòn eritaj.
7 Zèv men Li yo se [~5~]verite avèk jistis.
Tout prensip Li yo vrè.
8 Yo va [~6~]andire jis pou tout tan.
Yo fèt nan verite avèk ladwati.
9 Li te voye [~7~]delivrans a pèp Li a.
Li te òdone akò Li a jis pou tout tan.
Sen e mèvèye, se non Li.
10 [~8~]Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.
Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.