Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
10
1 Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè?
Poukisa [~1~]Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?
2 Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.
Kite yo [~2~]kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.
3 Paske mechan a ap vin ògeye sou [~3~]dezi kè li a;
li beni moun voras la,
e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
4 Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,
Tout panse li se ke: [~4~]“Nanpwen Bondye.”
5 Chemen pa li yo reyisi tout tan;
Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.
Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.
6 Li di a pwòp tèt li: [~5~]“Mwen p ap ebranle menm;
Pandan tout jenerasyon yo,
mwen p ap gen pwoblèm ditou.”
7 [~6~]Bouch li plen ak malediksyon, avèk
twonpe moun avèk oprime moun.
Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
8 Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;
nan anbiskad yo, li [~7~]touye inosan yo.
Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.
9 Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li.
Li kache pou kenbe aflije yo;
li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen [~8~]an.
10 Li akwoupi, li pare kò l;
konsa malere a vin tonbe
pa grif pwisan li yo.
11 Li pale a tèt li: [~9~]“Bondye bliye.
Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”
 
12 Leve O SENYÈ!
O Bondye, [~10~]leve men Ou wo!
Pa bliye aflije yo!
13 Poukisa mechan an te meprize Bondye?
Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.
14 Ou te wè sa, paske Ou te wè kont
mechanste ak agase moun pou pran sa an men.
Malere a ap depann de Ou menm;
Se Ou ki konn ede [~11~]òfelen an.
15 [~12~]Kase bra a mechan yo avèk malfektè a!
Dekouvri mechanste li yo jiskaske
Ou pa twouve l ankò.
16 SENYÈ a se Wa a pou tout tan!
[~13~]Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.
17 O SENYÈ, Ou te tande [~14~]dezi a enb yo;
Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,
18 pou bay jistis a òfelen an avèk [~15~]oprime a,
pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.

<- Sòm Yo 9Sòm Yo 11 ->