SÒM YO
Liv I
1
1 Beni se nonm ki [~1~]pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
3 Li va tankou yon [~4~]pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
4 Mechan yo pa konsa.
Yo tankou [~5~]pay ke van an pouse ale.
5 Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz [~6~]jijman an,
ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo.
6 Paske SENYÈ a [~7~]konnen chemen
a sila ki dwat yo,
men chemen a mechan yo va disparèt.
Sòm Yo 2 ->