Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
7
1 Fis mwen an, [~1~]kenbe pawòl mwen yo
e kache kòmandman mwen yo anndan ou.
2 Kenbe kòmandman mwen yo pou viv,
ak enstriksyon mwen yo
[~2~]kon de grenn zye nan tèt ou.
3 Mare yo sou dwèt ou;
[~3~]ekri yo sou tablo a kè ou.
4 Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,”
e rele sajès pi bon zanmi ou,
5 Pou li kab anpeche ou ale
jwenn ak yon fanm adiltè;
yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.
6 Paske bo fenèt lakay mwen,
mwen te gade [~4~]nan fant fenèt mwen an.
7 Konsa, mwen te wè pami moun [~5~]sòt yo,
e te rekonèt pami jenn yo,
yon jennonm ki te manke bon sans;
8 ki t ap pase nan lari a toupre
kwen kay fanm nan.
Konsa, li pran chemen pou rive [~6~]lakay li,
9 nan solèy kouche a, nan aswè,
nan mitan lannwit ak nan fènwa.
10 Epi gade, yon fanm vin pwoche li
[~7~]abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.
11 Li parèt plen kouraj nan rebelyon li.
[~8~]Pye li pa rete lakay li.
12 Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo,
lap [~9~]kache tan nan tout kwen.
13 Konsa, li sezi li, bo li;
e ak [~10~]figi byen ranje, li di li:
14 “Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo.
Se jodi a, mwen [~11~]fin peye ve mwen yo.
15 Konsa, mwen te vin rankontre ou,
pou jwenn prezans ou;
e konsa, mwen te twouve ou.
16 Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti;
avèk bèl [~12~]dra Égypte yo.
17 Mwen te flite kabann nan ak pafen
flè jasmen, lwil womaren ak [~13~]kanèl.
18 Vini, annou bwè ladann
e fè lanmou jis rive nan maten.
Annou fè kè nou kontan ak doudous nou yo.
19 Paske mari m pa lakay la;
li ale nan yon gran vwayaj.
20 Li te pran yon sak lajan avè l.
Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay.”
21 Ak anpil ankourajman, li atire li;
avèk [~14~]lèv a flatè, li sedwi li.
22 Sibitman, li swiv li tankou
yon bèf k ap monte labatwa,
tankou moun sòt
kab mache rive nan ne koulan an.
23 Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l;
tankou yon [~15~]zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen.
Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.
 
24 Alò, pou sa, fis yo, [~16~]koute mwen
e okipe pawòl a bouch mwen yo.
25 Pa kite kè ou [~17~]vire akote nan chemen li yo!
Pa vin antre egare nan wout li yo!
26 Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo;
e [~18~]anpil se sila ki te mouri akoz li.
27 [~19~]Lakay li nan wout Sejou mò yo,
k ap desann nan chanm lanmò yo.

<- Pwovèb 6Pwovèb 8 ->