Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
3
1 Fis mwen an, [~1~]pa bliye enstriksyon mwen an,
men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo
va vin ogmante sou ou.
3 Pa kite [~2~]dousè ak verite kite ou.
Mare yo antoure kou ou.
Ekri yo sou tablo kè ou.
4 Konsa, ou va twouve favè avèk [~3~]bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
5 [~4~]Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va [~5~]fè pa ou yo vin dwat.
7 [~6~]Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
8 Li va sèvi kon yon [~7~]gerizon pou kò ou,
ak rafrechisman a zo ou.
9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;
ak [~8~]premye pati nan tout prodwi ou,
10 pou [~9~]depo ou yo kab vin plen ak abondans,
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
11 [~10~]Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
12 Paske [~11~]sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
 
13 [~12~]A la beni nonm ki twouve sajès,
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 Paske [~13~]avantaj li pi bon ke avantaj ajan,
e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 Li [~14~]pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se [~15~]richès ak lonè.
17 [~16~]Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18 Li se yon [~17~]pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
19 SENYÈ a [~18~]ak sajès te fonde latè a;
ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
20 Ak konesans Li, [~19~]fon yo te vin ouvri,
e syèl yo te vin degoute lawouze.
21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
kenbe bon sajès ak bon konprann.
22 Konsa yo va [~20~]lavi pou nanm ou
ak dekorasyon pou kou ou.
23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,
e pye ou p ap [~21~]chape.
24 Lè ou [~22~]kouche ou p ap pè;
kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,
ni atak a mechan an lè l vini.
26 Paske Bondye va konfyans ou,
e va [~23~]veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.
 
27 [~24~]Pa refize fè byen a sila ki merite l yo,
si se nan kapasite ou pou fè l.
28 Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”,
oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.
29 [~25~]Pa kalkile mal kont vwazen ou
pandan l ap viv an sekirite akote ou.
30 Pa fè kont ak yon nonm san koz,
depi li pa konn fè ou tò.
31 [~26~]Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan,
ni pa chwazi chemen li yo.
32 Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a;
men SENYÈ a [~27~]vin toupre a sila yo ki dwat yo.
33 Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo,
men Li [~28~]beni abitasyon a moun dwat yo.
34 [~29~]Li moke moun k ap moke,
men Li bay gras a sila ki aflije yo.
35 [~30~]Saj yo va resevwa gran respe kon eritaj,
men moun plen foli yo va dezonere.

<- Pwovèb 2Pwovèb 4 ->