29
1 Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch
va [~1~] vin kraze sibitman san remèd.
2 Lè [~2~]moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi;
men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.
3 Yon nonm ki [~3~]renmen sajès fè papa l kontan;
men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.
4 [~4~]Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab;
men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.
5 Yon nonm ki [~5~]flate vwazen li
ap ouvri filè pou pla pye li.
6 Pa transgresyon yon nonm mechan
vin [~6~]pran nan pyèj nèt;
men moun dwat la va chante e rejwi.
7 Moun [~7~]ladwati a gen kè pou dwa malere;
men mechan an pa menm konprann afè sa a.
8 Mokè yo, fè gwo vil la pran dife;
men moun [~8~]saj yo kalme kòlè.
9 Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann,
moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.
10 Moun k ap [~9~]vèse san rayi inosan an;
men moun dwat yo pwoteje lavi li.
11 Moun san konprann toujou fache;
men [~10~]yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.
12 Si [~11~]gouvènè a prete atansyon a manti,
tout minis li yo va vin mechan.
13 Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble;
se SENYÈ a ki [~12~] mete limyè nan zye tou de.
14 Si yon [~13~]wa jije pòv yo ak verite,
twòn li va etabli jis pou tout tan.
15 [~14~]Baton ak repwòch bay sajès;
men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;
men [~15~]moun dwat yo va wè tonbe yo.
17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;
anplis, li va [~16~]bay nanm ou gwo plezi.
18 Kote nanpwen [~17~]vizyon, pèp la san fren;
men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.
19 Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav;
paske malgre li konprann, li p ap reponn.
20 Èske ou wè yon nonm ki [~18~] pale vit san reflechi?
Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
21 Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a,
nan lafen, twouve yon fis.
22 Yon [~19~]nonm an kòlè pwovoke konfli
e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.
23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba;
men yon [~20~]lespri enb va jwenn respè.
24 Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li;
li [~21~]pran sèman an men li pa pale anyen.
25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen;
men sila ki [~22~]mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.
26 Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a;
men [~23~]lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.
27 Tankou yon nonm [~24~]enjis abominab a moun dwat,