28
1 Mechan yo [~1~]sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;
men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
2 Pa transgresyon a yon pèp, [~2~]chèf peyi yo vin anpil;
men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans.
3 Yon moun pòv ki peze malere
se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.
4 Sila ki abandone lalwa a [~3~]bay lwanj a moun mechan;
men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.
5 Moun mechan yo [~4~]pa konprann lajistis;
men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.
6 [~5~]Pi bon se malere ki mache ak ladwati a
pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
7 Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann;
men sila ki fè zanmi ak moun [~6~]voras fè papa l wont.
8 Sila ki agrandi richès li avèk [~7~]enterè sou lajan,
ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.
9 Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a,
menm [~8~]lapriyè li abominab.
10 Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an
va li menm tonbe nan pwòp fòs li;
men [~9~]sila ki san tò a, va gen bon eritaj.
11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l;
men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.
12 Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa;
men [~10~]lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.
13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;
men sila ki [~11~]konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
14 A la beni se sila ki toujou [~12~]gen lakrent Bondye a!
Men sila ki fè kè l di va tonbe nan malè.
15 Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake,
se konsa yon [~13~]chèf mechan ye sou yon pèp malere.
16 Yon [~14~]gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann;
men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.
17 Yon nonm ki [~15~]twouble ak koupabilite san moun
va yon fijitif jiskaske li mouri.
Pinga pèsòn ba li soutyen.
18 Sila ki mache san tò a va delivre;
men sila ki [~16~]kwochi a va tonbe byen vit.
19 [~17~]Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;
men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.
20 Yon nonm [~18~]fidèl va gen anpil benediksyon;
men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
21 Montre patipri pa bon,
paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.
22 Yon nonm ak [~19~]move zye kouri dèyè richès
e li pa konnen kisa k ap rive li.
23 Sila ki bay yon moun repwòch
va jwenn plis favè pase sila ki [~20~]fè flatè ak lang li an.
24 Sila ki vòlè papa li oswa manman l
epi di: “Sa pa yon transgresyon”,
se [~21~]parèy ak yon moun ki detwi.
25 Yon nonm awogan ap [~22~]pwovoke konfli;
men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
26 Sila ki [~23~]mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;
men sila ki mache ak sajès la va delivre.
27 Sila ki [~24~]bay a malere a p ap janm manke;
men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.
28 Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo;