Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
21
1 Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;
Li [~1~]vire l kote Li vle.
2 Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;
men SENYÈ a [~2~]peze kè yo.
3 SENYÈ a pito [~3~]ladwati ak lajistis
plis pase sakrifis.
4 Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy;
[~4~]lanp a mechan yo se peche.
5 Plan a [~5~]dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
7 Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati,
akoz yo [~6~]refize aji ak jistis.
8 Chemen a yon moun koupab [~7~]kwochi;
men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
9 Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a
pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.
10 Nanm a mechan an vle mal;
vwazen li an pa twouve gras nan zye l.
11[~8~]mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj;
men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.
12 Lè Sila Ki Dwat La pran an konsiderasyon kay mechan an,
[~9~]afè mechan an vin detwi nèt.
13 Sila ki [~10~]fèmen zòrèy li a kri aflije a,
va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn [~11~]repons.
14 Yon [~12~]kado vèse an sekrè kalme fachez,
e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.
15 Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;
men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
16 Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan,
va jwenn repo nan asanble mò yo.
17 Sila ki [~13~]renmen plezi, va vin pòv;
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
18 Mechan an se yon [~14~]ranson pou moun dwat yo;
e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe janm.
19 [~15~]Li pi bon pou rete nan dezè
pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;
men, moun san konprann nan [~16~]vale tout.
21 Sila ki [~17~]swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
22 Yon [~18~]nonm saj monte sou miray vil pwisan,
e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
23 Sila ki [~19~]veye bouch li ak lang li
pwoteje nanm li kont gwo twoub.
24 Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;
men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.
25 Se [~20~]volonte a parese a ki fè l mouri,
paske men li refize travay;
26 Gen moun tout lajounen kap anvi yon bagay,
pandan moun dwat yo [~21~] ap vèse bay san rete.
27 Sakrifis an mechan yo abominab;
se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.
28 Yon [~22~]fo temwen va peri;
men sila ki koute verite a va pale ak letènite.
29 Moun mechan an afiche yon figi brav;
men pou [~23~]moun ladwati a, chemen li an sèten.
30 [~24~]Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.
31 Cheval la prepare pou jou batay la;
men [~25~]viktwa a se nan men SENYÈ a.
 

<- Pwovèb 20Pwovèb 22 ->