Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
20
1 Diven se yon mokè, e [~1~]bwason fò fè goumen rive nan tenten;
nenpòt moun ki vin sou, pa li pa saj.
2 Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò;
sila ki fè l fache [~2~]va pèdi lavi l.
3 [~3~]Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respe;
alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.
4 [~4~]Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;
akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
5 Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon;
men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.
6 Gen anpil moun ki pwomèt fidelite;
men kibò pou jwenn yon nonm onèt?
7 Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;
[~5~]A la beni fis ki vini apre li yo beni!
8 [~6~]Yon wa ki chita sou twòn lajistis
fè tout mal sove ale ak pwòp zye l.
9 [~7~]Se kilès ki kapab di: “Mwen te netwaye kè m;
mwen vin pirifye de tout peche m?”
10 [~8~]Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;
tou de abominab a SENYÈ a.
11 Menm yon ti moun se [~9~]rekonnet pa zèv li yo;
si li aji byen e si kondwit li dwat.
12 [~10~]Zòrèy ki tande ak zye ki wè;
se SENYÈ a ki te fè tou de.
13 [~11~]Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;
ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.
14 “Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a;
men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.
15 Gen lò ak tout kalite bijou;
men lèv plèn konesans se pi bèl bagay.
16 Lè l sèvi garanti pou yon enkoni, pran manto li;
epi pou fanm andeyò a, fè papye pwose vèbal pou sa li pwomèt la.
17 [~12~]Pen kòn twouve nan bay manti dous;
men pita, bouch la plen gravye.
18 Fè tout plan ak konsiltasyon;
[~13~]fè lagè ak konsèy saj.
19 Sila ki difame moun devwale sekrè;
pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.
20 Sila ki [~14~]modi papa li oswa manman li an,
lanp li va etenn nan tan fènwa.
21 Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.
22 [~15~]Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”;
tann SENYÈ a, e Li va sove ou.
23 [~16~]Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;
tou de abominab a SENYÈ a.
24 [~17~]Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a;
konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?
25 Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans:
“Sa sen!” e [~18~]aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.
26 Yon wa ki saj va vannen mechan yo
e fè [~19~]wou moulen pase anwo yo.
27 Lespri a lòm se lanp SENYÈ a,
ki chache pati ki pi entim nan li yo.
28 Fidelite ak [~20~]verite prezève wa a,
e ladwati bay twòn li an soutyen.
29 Glwa a jèn yo se fòs yo,
e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.
30 [~21~]Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste;
li frape rive nan pati pi fon yo.
 

<- Pwovèb 19Pwovèb 21 ->