Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
18
1 Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l;
bon jijman an pa anyèn devan l.
2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;
men sèlman [~1~]nan devwale pwòp panse li.
3 Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l;
e avèk dezonè, wont vin parèt.
4 Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon [~2~]dlo byen fon;
dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.
5 Panche vè youn moun mechan an pa bon,
ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.
6 Lèv a yon moun ensanse mennen konfli;
bouch li ap mande kou.
7 Bouch a [~3~]moun san konprann nan se dega li;
e lèv li se pèlen pou nanm li.
8 Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan
se tankou bonbon ki gen gou dous;
se jis nan fon kò a yo desann.
9 Anplis, sila ki parese nan travay li a
se [~4~]frè a sila ki detwi.
10 [~5~]Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
11 Pou yon nonm [~6~]rich, byen li se yon vil ki fò;
kon yon miray byen wo nan panse li.
12 [~7~]Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;
men imilite ale devan onè.
13 Sila ki [~8~]bay repons avan li koute a;
plen foli ak wont.
14 Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi;
men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?
15 [~9~]Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans;
anplis, zòrèy a saj la chache konesans.
16 [~10~]Don a yon nonm fè kont espas pou li,
e mennen li devan moun enpòtan.
17 Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon;
jiskaske yon lòt moun vin egzamine l.
18 [~11~]Tiraj osò fè konfli sispann;
lap pran desizyon antre moun pwisan yo.
19 Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye;
konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl.
20 Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li;
[~12~]l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.
21 [~13~]Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;
e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.
22 Sila ki jwenn yon [~14~]madanm, jwenn yon bon bagay,
e twouve favè SENYÈ a.
23 [~15~]Malere a pale: “Souple, fè m gras”;
men moun rich la reponn byen di.
24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;
men gen [~16~]yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.

<- Pwovèb 17Pwovèb 19 ->