1 Finalman, frè m yo [~1~]rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.
2 Veye [~2~]chen yo, veye [~3~]ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an. 3 Paske [~4~]nou menm se vrè sikonsizyon an, ki [~5~]adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè. 4 Byenke [~6~]mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa: 5 [~7~]sikonsi nan uityèm jou a, ne nan [~8~]nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen; 6 kòm zele, yon [~9~]pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot.
7 Men [~10~]nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la. 8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. [~11~]Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris. 9 E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk [~12~]ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, [~13~]ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a. 10 Pou mwen kapab konnen Li, ak [~14~]pouvwa a rezirèksyon Li an, ak [~15~]lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li, 11 pou m ta kapab [~16~]rive menm nan rezirèksyon a lanmò a. 12 Se pa ke m [~17~]rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.
13 Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; [~18~]se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an, 14 mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondye[~19~]nan Kris Jésus a. 15 Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa [~20~]Bondye va osi revele sa a nou. 16 Sepandan, nan menm fòs ke nou deja reyisi, annou kontinye [~21~]viv pa menm prensip ke nou fin atenn deja a. Annou toujou gen menm panse.
17 Frè m yo [~22~]vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon [~23~]modèl ke nou gen nan nou an. 18 Paske [~24~]anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi [~25~]lakwa a Kris la, 19 ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo [~26~]apeti yo, e ki gen pou [~27~]glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo. 20 Paske pou nou menm [~28~]sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri, 21 ki va [~29~]transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.
<- Filipyen Yo 2Filipyen Yo 4 ->