1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen [~1~]amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 [~2~]fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb [~3~]gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
5 [~4~]Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye [~5~]pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, 7 men te [~6~]vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te [~7~]vin fèt nan imaj a lòm. 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin [~8~]obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. 9 Akòz tout sa, Bondye te [~9~]egzalte Li byen wo, e te bay Li [~10~]non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a [~11~]tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se [~12~]Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.
12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen [~13~]fè travay sali nou an avèk [~14~]lakrent ak tranbleman. 13 Paske se [~15~]Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
14 Fè tout bagay san [~16~]plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va [~17~]san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon [~18~]jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t [~19~]kouri anven, ni [~20~]travay anven. 17 Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon [~21~]bwason k ap ofri kòm [~22~]sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.
18 Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.
19 Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou [~23~]voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye. 20 Paske m pa gen okenn lòt moun ak [~24~]yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou. 21 Paske yo tout [~25~]chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a. 22 Men nou konnen [~26~]prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li. 23 [~27~]Konsa, mwen espere voye li kote nou imedyatman, depi mwen wè kijan tout bagay ale avèk mwen. 24 Men [~28~]mwen gen konfyans mwen nan Senyè a ke mwen menm osi va vini toutalè.
25 Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, [~29~]ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen. 26 Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad. 27 Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès. 28 Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm. 29 Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e [~30~]kenbe an wo estim moun tankou li, 30 paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou [~31~]konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.
<- Filipyen Yo 1Filipyen Yo 3 ->