Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

ABIDAS

1 Vizyon Abdias la. Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan Édom. Nou te tande yon rapò soti nan SENYÈ a, yon [~1~]mesaje te voye pami nasyon yo. Li t ap di: [~2~]“Leve, annou ale goumen kont li”— 2 Gade byen, Mwen va fè ou [~3~] vin piti pami nasyon yo. Ou vin meprize anpil. 3 [~4~]Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?” 4 “Menmsi nou [~5~]bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami [~6~]zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a. 5 Si [~7~]vòlè te vin kote nou, vòlè nan lannwit yo— o ala devaste nou va vin devaste— èske yo pa t ap vòlè sèlman pou yo ta jwenn ase? Si ranmasè rezen yo te rive kote nou [~8~]èske yo pa t ap kite kèk ti rès? 6 Ala depouye Ésaü va vin [~9~]depouye! Ala fouye yo va fouye trezò kache li yo! 7 Tout [~10~]sila ki fè alyans avèk nou yo va voye nou kote fwontyè a. Sila ki anpè ak nou yo te twonpe nou, e yo deja genyen nou. Zanmi ki manje [~11~]pen nou yo ap fè pèlen pou nou. Nanpwen bon konprann nan li.

8 Èske Mwen p ap nan jou sa a, deklare SENYÈ a; [~12~]“Detwi mesye saj Édom yo, e retire bon konprann ki soti sou mòn Ésaü a? 9 Answit, mesye pwisan nou yo va vin enkyete, O [~13~]Théman, jis tout kapab koupe retire nèt de mòn Ésaü ak gwo masak. 10 Akoz [~14~]vyolans anvè frè nou Jacob, nou va vin kouvri ak wont, e nou va vin koupe retire nèt jis pou tout tan. 11 Nan jou ke nou te kanpe a distans, nan jou ke etranje yo te bwote tout byen li, lòt nasyon yo te antre nan pòtay li, e te fè tiraj osò pou Jérusalem—nou menm tou te sanble ak yo.[~15~] 12 Pa vin rejwi ou nan jou malè frè ou a, ni pa rejwi ou sou fis a Juda yo nan jou destriksyon yo a. Pa anfle ou menm nan jou malè yo.[~16~] 13 Pa antre nan pòtay pèp Mwen an nan [~17~]jou malè yo. Ni pa rejwi ou de gwo dega nan jou malè yo. Pa [~18~]piyaje byen yo nan jou malè yo. 14 Pa [~19~]kanpe nan kafou chemen pou touye sila k ap sove ale sòti nan yo. Epi pa livre a lènmi sila ki chape nan jou malè yo. 15 Paske [~20~]jou SENYÈ a ap rapwoche sou tout nasyon yo! Jan ou te fè a, se konsa yo va fè ou. 16 Paske menm jan ou te [~21~]bwè sou mòn sen Mwen an, Konsa tout nasyon yo va bwè tout tan. Yo va bwè, yo va vale, l ap vin konsi yo pa t janm te la. 17 Men sou mòn [~22~]Sion, va genyen sila ki chape yo, e mòn sa va sen. Epi lakay Jacob va posede posesyon yo. 18 Answit, lakay Jacob va vin yon dife, e lakay Joseph va vin yon flanm; men lakay Ésaü va vin kon pay. Konsa, yo va limen dife sou yo pou brile yo nèt pou [~23~]pa gen ki rete lakay Ésaü ankò,” paske SENYÈ a fin pale.

19 Moun Negev la va vin [~24~]posede mòn a Ésaü ak sila a Schfela yo, gwo plèn Philistie a. Yo va posede teritwa Éphraïm, teritwa Samarie e Benjamin va vin posede Galaad, tou. 20 Epi egzile a lame fis Israël sa a, ki pami Kananeyen yo, va posede jis rive [~25~]Sarepta, e egzile Jérusalem ki Sepharad yo va vin posede [~26~]vil Negev yo. 21 [~27~]Liberatè yo va monte Mòn Sion pou jije mòn Ésaü a e wayòm nan va vin pou a SENYÈ a.