5 “Li va vin rive ke branch [~2~]moun ke Mwen chwazi a, va boujonnen. Konsa, Mwen va fè sispann tout bougonnen fis Israël k ap fèt kont nou menm.”
6 Konsa, Moïse te pale avèk fis Israël yo, e tout chèf yo te bay li yon branch pou chak nan yo; pou chak chèf, selon kay fanmi zansèt yo, douz branch avèk branch Aaron an pami branch yo. 7 Konsa, Moïse te depoze branch yo devan SENYÈ a [~3~]nan tant asanble a.
8 Alò, nan jou apre a, Moïse te antre nan tant lan; epi vwala, [~4~]branch Aaron an pou fanmi zansèt Levi a te boujonnen. E li pa t sèlman boujonnen, men li te pwodwi flè, e osi li te pote zanmann mi. 9 Konsa, Moïse te pote deyò tout branch ki te nan prezans a SENYÈ a vè tout fis Israël yo. Yo te gade, e chak mesye te pran pwòp branch pa l.
10 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a [~5~]devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont [~6~]rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.”
11 Konsa, Moïse te fè; jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, konsa li te fè.
12 Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: [~7~] “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri! 13 [~8~]Tout moun ki pwoche, ki vin pwoche toupre tabènak SENYÈ a, fòk li mouri. Èske nou tout va peri nèt?”
<- Non 16Non 18 ->