3 Alò, nonm Moïse la te [~3~] trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.
4 Sibitman, SENYÈ a te di a Moïse ak Aaron avèk Marie: “Nou twa a, vin sòti nan tant asanble a”. Alò, yo twa a te sòti. 5 Epi SENYÈ a te desann nan yon [~4~] pilye nwaj. Li te kanpe nan pòtay tant asanble a, e Li te rele Aaron avèk Marie. Yo toude te vin avanse. 6 Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon [~5~] vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon [~6~] rèv. 7 Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. [~7~] Li fidèl nan tout kay Mwen; 8 Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè [~8~] fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”
9 Epi kòlè SENYÈ a te brile kont yo, e [~9~] Li te pati. 10 Lè nwaj la te kite tant lan, vwala, Marie te gen lalèp, blan tankou lanèj.
13 Moïse te kriye fò bay SENYÈ a. Li te di: “O Bondye, [~12~] geri li, mwen priye Ou!”
14 Men SENYÈ a te reponn Moïse: “Si papa li te sèlman krache nan figi li, èske li pa t ap pote wont li pandan sèt jou? Kite li rete fèmen pandan sèt jou [~13~] deyò kan an. Apre, l ap kapab rantre ankò.” 15 Konsa[~14~] Marie te fèmen deyò kan an pandan sèt jou, e pèp la pa t deplase jiskaske Marie te vin rantre ankò.
16 Apre sa a, pèp la te deplase kite Hatséroth pou te fè kan nan dezè Paran an.
<- Non 11Non 13 ->