3 [~3~] Alò, sila yo se chèf an tèt pwovens ki te vin rete Jérusalem yo; men nan vil a Juda yo, chak moun te rete sou pwòp teren pa l nan vil pa yo—Izrayelit yo, prèt yo, Levit yo, sèvitè tanp yo ak desandan a sèvitè Salomon yo. 4 Kèk nan fis a Juda yo avèk kèk nan fis a Benjamin yo te rete Jérusalem. Soti nan fis Juda yo: Athaja, fis a Ozias la, fis a Zacharie, fis Amaria, fis a Schephathia, fis a Mahalaleel, fis a Pérets yo; 5 epi Maaséja, fis a Barue a, fis a Col-Hozé, fis a Hazaja, fis a Adaja a, fis a Jojarib, fis a Zacharie, fis a Schiloni. 6 Total fis a Pérets ki te etabli Jérusalem yo te kat-san-swasann-tuit mesye de gran kouraj.
7 Men fis a Benjamin yo: Sallu, fis a Meschullam nan, fis a Joëd la, fis a Pedaja, fis a Kolaja a, fis a Maaséja a, fis a Ithiel la, fis a Ésaïe a. 8 Epi apre li, Gabbaaï avèk Sallaï, nèf-san-venn-tuit. 9 Joël, fis a Zicri a, te chèf yo; epi Juda, fis a Senua a, se te douzyèm chèf lavil la.
10 Soti nan prèt yo: Jedaeja, fis a Jojarib la, Jakin, 11 Seraja, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, ki te dirije lakay Bondye, 12 epi fanmi yo ki te fè travay tanp lan, ui-san-venn-de; epi Adaja, fis a Jerocham nan, fis a Pelalia a, fis a Amtsi a, fis a Zacharie a, fis a Paschhur la, fis a Malkija a, 13 epi fanmi yo, chèf lakay papa zansèt yo, de-san-karann-de; epi Amaschasaï, fis a Azareel la, fis a Achazaï a, fis a Meschillémoth la, fis a Immer a, 14 avèk frè pa yo, mesye ki plen kouraj, san-venn-tuit. Zabdiel, fis a Guedolim nan, se te chèf yo.
15 Alò, soti nan Levit yo: Schemaeja, fis a Haschub la, fis a Azrikam nan, fis a Haschabia a, fis a Bunni an; 16 Schabbethaï avèk Jozabad soti nan dirijan Levit yo, ki te sipèvize [~4~] travay deyò nan lakou lakay Bondye a; 17 epi Matthania, fis a Michée a, fis a Zabdi a, fis Asaph ki te responsab ouvri avèk remèsiman a Bondye nan lapriyè a, Bakbukia, dezyèm pami frè li yo e Abda, fis a Schammua a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan. 18 Tout Levit yo nèt nan [~5~]lavil sen an se te de-san-katre-ven-kat.
19 Anplis, gadyen pòtay yo, Akkub, Thalmon, avèk frè parèy yo ki te okipe pòtay yo te san-swasann-douz. 20 Tout lòt Israël, pami prèt yo ak Levit yo te nan lòt vil Juda yo, yo chak [~6~]sou pwòp eritaj pa yo. 21 Men [~7~] sèvitè tanp yo te rete nan ti mòn Ophel la, e Tsicha avèk Guischpa te chèf a sèvitè tanp yo.
22 [~8~] Chèf Levit Jérusalem yo te Uzzi, fis a Bani an, fis a Haschabia a, fis a Matthania a, fis a Michée a, pami fis Asaph, ki te chantè pou sèvis lakay Bondye a. 23 [~9~]Paske te gen lòd ki sòti nan wa a de yo menm, ak yon règ manje pou sila ki te dirije chante yo jou apre jou yo. 24 Pethachja, fis a Meschézabeel la, nan fis a Zérach yo, fis a Juda a, te [~10~]reprezante wa a nan tout bagay ki te konsène pèp la.
25 Selon vil yo avèk chan pa yo, kèk nan fis a Juda yo te rete Kirjath-Arba avèk bouk pa li yo, nan Dibon avèk landwa ki antoure li a, e Jekabtseel avèk bouk ki te antoure li yo. 26 A Jéschua, a Molada, a Beth-Paleth, 27 a Hatsar-Schual, a Beer-Schéba avèk bouk pa li yo, 28 ak Tsiklag, a Mecona, avèk bouk pa li yo, 29 a En-Rimmon, a Tsorea, a Jarmuth, 30 a Zanoach, a Adullam ak bouk li yo, Lakis avèk anviwon li, Azéka avèk bouk pa li yo. Konsa, yo te fè anplasman yo soti Beer-Schéba jis rive nan vale Hinnom an. 31 Anplis, fis a Benjamin yo te rete soti Guéba ale nèt, a Micmasch, a Ajja, a Béthel, avèk bouk pa li yo, 32 a Anathoth, a Nob, a Hanania, 33 a Hatsor, a Rama, a Guithaïm, 34 a Hadid, a Tseboïm, a Neballath, 35 a Lod avèk Ono, vale a ouvriye yo. 36 Soti nan Levit yo, kèk nan divizyon Juda yo te rete nan landwa Benjamin an.
<- Néhémie 10Néhémie 12 ->