1 Lè L te retounen kèk jou apre, nouvèl la te gaye ke Li te lakay Li.
2 Byen vit [~1~]anpil moun te rasanble devan pòt la pou jis lè pa t gen plas ankò, e Li te pale pawòl la bay yo.
3 Epi yo te pote bay Li yon paralitik ki te pote pa kat mesye. 4 Yo pa t kab rive bò kote L akoz foul la. Konsa, yo te retire twati kay la, e lè yo te fin fouye yon twou, yo te lonje palèt la desann sou li avèk mesye paralize ki te kouche a.
5 Jésus, lè L te wè lafwa yo, te di a paralitik la:
6 Men te gen kèk nan skrib yo ki te chita la ki te rezone nan kè yo: [~2~] 7 “Poukisa nonm sa a pale konsa? L ap blasfeme; [~3~]kilès sof ke Bondye sèl ki kab padone peche?”
8 Epi nan menm moman an, Jésus, okouran nan lespri Li ke yo t ap refleshi konsa, te di yo:
12 Byen vit, li te leve, pran palèt li, e te sòti deyò devan tout moun. Yo tout te etone. Yo t ap [~4~]bay glwa a Bondye. Yo t ap di: [~5~]“Nou pa janm wè yon bagay konsa”.
13 Li te ale deyò ankò bò kote lanmè a. [~6~]Tout foul la te vin kote Li, e Li t ap enstwi yo. 14 [~7~]Pandan Li t ap pase, Li te wè Lévi, fis a Alphée a, ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li:
15 Li te vin rive pandan Li te sou tab lakay li a, ke anpil kolektè kontribisyon avèk pechè yo t ap dine avèk Jésus ak disip Li yo. Yo te anpil, e yo t ap swiv Li. 16 Lè [~8~]skrib ak Farizyen yo te wè ke Li t ap manje avèk pechè ak ajan kontribisyon yo, yo te kòmanse di a disip Li yo: “Poukisa L ap manje e bwè avèk ajan kontribisyon yo avèk pechè yo?”
17 Lè L te tande sa, Jésus te di yo: [~9~]
18 [~10~]Disip a Jean avèk Farizyen yo t ap fè jèn, epi yo te vin di L: “Poukisa disip a Jean avèk disip a Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè L?”
19 Jésus te di yo:
21
23 [~12~]Konsa, li te vin rive ke pandan Li t ap pase nan chan sereyal yo nan Saba a, pandan disip Li yo t ap ale, yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal.
24 Farizyen yo t ap di Li: “Gade la, [~13~]poukisa y ap fè sa ki pa pèmi nan Saba”?
25 Li te di yo:
27 Jésus te di yo: [~15~]