4 Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo. 5 [~3~]Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.
6 Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. [~4~]Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la. 7 Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; [~5~]L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”
8 Yo te fè vit sove ale kite tonm nan, akoz tranbleman ak sezisman te gen tan pran yo. Yo pa t di anyen a pèsòn, paske yo te krent.
9 Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a [~6~]Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo. 10 [~7~]Marie te ale bay rapò a sila ki te konn avèk Li yo pandan yo te nan doulè e t ap kriye. 11 Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, [~8~]yo te refize kwè sa.
12 Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a [~9~]yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò. 13 Epi yo te kite la, e te ale bay rapò a lòt yo, men yo [~10~]pa t kwè yo nonplis.
14 Apre, Li te vin parèt a [~11~]onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.
15 Li te di yo: [~12~]
19 Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye. [~16~] 20 Konsa, yo te ale deyò e te preche toupatou, pandan Senyè a te avèk yo, e te konfìme pawòl pa sign ki te swiv yo. Amen.
<- Marc 15