3 [~2~]Pandan Li te Béthanie lakay Simon, lepre a, e yo te chita sou tab la, yon fanm te vini avèk yon bokal alabat ranpli avèk nard, ki te koute byen chè. Fanm nan te kraze bokal la, e te vide li sou tèt Jésus.
4 Men kèk moun te mekontan e te pale youn ak lòt: “Poukisa l ap gaspiye pafen sila a? 5 Paske pafen sila a ta kapab vann pou plis ke twa san denye (fòs kòb yon jou travay) e li ta kab bay a malere yo.” E yo t ap kritike l.
6
10 [~6~] Judas Iscariot, ki te youn nan douz yo, te ale bò kote chèf prèt yo pou li ta kapab trayi Jésus a yo menm. 11 Yo te kontan lè yo te tande sa, e te pwomèt li lajan. Konsa, li t ap chache kijan pou trayi Li nan yon moman favorab.
12 [~7~]Nan premye jou Pen San Ledven an, lè jenn mouton Pak la t ap touye kon sakrifis la, disip Li yo te di Li: “Kote Ou vle nou ale fè preparasyon pou Ou kapab manje Pak la?”
13 Li te voye de nan disip Li yo. Li te di yo:
16 Konsa, disip yo te sòti e te vini nan vil la. Yo te twouve l jan ke Li te eksplike yo a. Konsa, yo te prepare Pak la la.
17 [~9~]Lè li te fènwa, li te vini avèk douz yo.
18 Pandan yo te chita a tab e t ap manje, Jésus te di:
19 Yo te kòmanse tris. Yo t ap mande Li youn pa youn: “Asireman se pa mwen!”
20 Li te di yo:
22 [~10~]Pandan yo t ap manje, Li te pran pen an, e apre yon benediksyon, Li te kase li, te bay yo, e te di:
23 Li te pran yon tas, te bay gras, e Li te bay yo li. Yo tout te bwè ladann. 24 Konsa Li te di yo:
26 [~12~]Apre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.
27 [~13~] Jésus te di yo:
28
29 Men Pierre te di Li: “Menm si tout moun chite; mwen menm, m p ap fè sa.”
30 Jésus te di l:
31 Men Pierre te kontinye pèsiste: “Menm si mwen oblije mouri avè Ou, Mwen p ap nye Ou.” Konsa, yo tout t ap di menm bagay la tou.
32 [~18~]Yo te vini nan yon plas yo te rele Gethsémané. Li te di disip Li yo:
33 Li te [~19~]pran avè L Pierre, Jacques, ak Jean, e Li te kòmanse trè enkyete, e twouble. 34 Li te di yo: [~20~]
35 Li te ale yon ti kras pi devan, te tonbe atè e te kòmanse priye pou, si se te posib, pou [~21~]lè sa a ta kapab pase de Li. 36 Li t ap di: [~22~]
37 Li vini e twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre:
39 Konsa, yon lòt fwa Li te ale priye, e te di menm mo yo. 40 Ankò, Li te vini e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. Ni yo pa t konnen kisa pou yo ta di Li.
41 Li te vini yon twazyèm fwa e te di yo:
43 [~26~]Nan menm moman an, pandan Li toujou t ap pale, Judas, youn nan douz yo, te vin parèt, akonpanye pa yon foul avèk nepe ak baton ki te sòti nan chèf prèt yo, avèk skrib yo, ak ansyen yo.
44 Alò, sila ki t ap trayi Li a, te bay yo yon siyal lè l te di: “Nenpòt moun ke m bo, se Li menm. Sezi Li e mennen Li ale anba gad yo.” 45 Lè l rive, l ale lapoula bò kote Li, e te di: [~27~]“Mèt!”, e te bo Li.
46 Yo te mete men sou Li e te sezi Li. 47 Men yon sèten mesye nan sila ki te kanpe la yo te rale nepe li. Li te frape esklav a wo prèt la, e te koupe retire zòrèy li.
48 Jésus te reponn e te di yo:
51 Yon sèten jennonm t ap swiv Li, abiye sèl ak yon dra lèn ki kouvri kò l toutouni. Jennom yo te sezi li, 52 men li te rale kò l pou l kite dra a, e chape toutouni.
53 [~29~]Yo te mennen Jésus ale vè wo prèt la. Tout chèf prèt avèk ansyen yo, ak skrib yo te reyini ansanm.
54 Pierre te swiv Li a yon distans, jouk L antre nan lakou wo prèt la. Li te chita avèk ofisye yo e t ap [~30~]chofe kò li bò kote dife a.
55 Alò, chèf prèt yo avèk tout [~31~]konsèy la t ap eseye twouve temwayaj kont Jésus, pou mete L a lanmò. Men yo pa t twouve anyen. 56 Paske anpil t ap bay fo temwayaj kont Li, men temwayaj yo pa t koresponn. 57 Kèk te kanpe e te bay fo temwayaj kont Li. Yo t ap di: 58 “Nou te tande Li di: [~32~]‘Mwen va detwi tanp sa ki fèt avèk men, e nan twa jou, mwen va bati yon lòt ki fèt san men.’ ” 59 Epi menm nan sa a, temwayaj yo pa t koresponn.
60 Wo prèt la te leve. Li te vini devan, e te kesyone Jésus. Li te di: “Èske ou pa reponn kesyon yo? Kisa ke moun sa yo ap temwaye konsa kont ou yo?”
61 Men Li te rete an silans, e pa t reponn yo. [~33~]Ankò wo prèt la te poze L kesyon e t ap di Li: “Èske Ou menm se Kris la, Fis a Sila Ki Beni an?”
62 Jésus te reponn li:
63 Konsa, wo prèt la te [~36~]chire rad li. Li te di: “Kisa nou bezwen kòm temwayaj ankò? 64 Nou tande [~37~]blasfèm nan! Kisa sa sanble selon nou menm?”
66 [~40~] Pierre te anba nan lakou tribinal la. Yon fi ki sèvi nan kay a wo prèt la te vini. 67 E lè l wè Pierre ki t ap [~41~]chofe kò l, li byen gade l e te di: “Ou te la tou avèk Jésus, [~42~]Nazareyen an.”
68 Men Li te demanti sa, e te di: “Mwen pa menm konnen, ni konprann, kisa w ap pale a.” Epi li ale sou galeri deyò a.
69 Sèvant kay la te wè li e te kòmanse di ankò a sila ki te la yo: “Sila a se youn nan yo!” 70 Men ankò, li t ap demanti sa a.
71 Men li te kòmanse bay madichon e joure: “Mwen pa konnen nonm sila a ke n ap pale a.”
72 Imedyatman, kòk la te chante pou dezyèm fwa a. E Pierre te sonje jan Jésus te di l la: