4 Yo te ale, e te twouve yon ti bourik mare toupre pòt la, deyò nan lari a, e yo te demare li.
5 Konsa, kèk nan sila ki te la yo t ap di yo: “Kisa nou ap fè la a? N ap demare ti bourik la?”
6 Yo te pale yo jan Jésus te di a, e yo te bay yo dwa pran l.
7 Yo te [~2~]pote ti bourik la bay Jésus. Yo te mete vètman yo sou li, e Li te chita sou li.
8 Konsa, anpil moun te tann vètman yo sou wout la, e lòt t ap poze branch fèy yo te koupe nan chan sou wout la. 9 Sila ki te ale devan yo ak sila ki t ap swiv yo, t ap kriye fò: “Ozana! [~3~]Beni se Sila a ki vini nan non SENYÈ a! 10 Beni se wayòm zansèt nou David, k ap vini an! Ozana [~4~]nan pi wo a!”
11 [~5~]Jésus te antre Jérusalem e te antre nan tanp lan. Lè Li te fin gade sou tout bagay, [~6~]Li te kite la pou Béthanie avèk douz yo akoz ke lè a te deja fè tà.
12 Nan demen, lè yo te kite Béthanie, Li te vin grangou. [~7~] 13 Li te wè nan distans, yon pye fig etranje avèk tout fèy yo. Li te ale pou wè si petèt li t ap twouve kèk bagay sou li. Lè l rive, li pa t twouve anyen sof ke fèy yo, paske li pa t nan sezon fwi. 14 E Li te pale a li:
15 [~8~]Konsa yo te rive Jérusalem. Li te antre nan tanp lan e te kòmanse voye deyò sila ki t ap achte ak vann nan tanp lan. Li te chavire tab a sila ki t ap chanje lajan yo ak chèz a sila ki t ap vann toutrèl yo. 16 Li pa t ap kite pèsòn pase nan tanp lan ki pote yon chaj. 17 Li te kòmanse pale ak yo. Li te di yo:
18 Chèf prèt yo avèk skrib yo te tande, e yo [~10~]te kòmanse ap chèche jan pou detwi Li. Paske yo te pè Li akoz tout foul la te etone pa prensip ke Li te bay yo.
19 [~11~]Lè aswè te rive, Li te kite vil la.
20 [~12~]Pandan yo t ap pase lantre granmmaten an, yo vin wè ke pye fig etranje a te seche jis rive nan rasin.
21 Konsa, Pierre te sonje, e te di Li: [~13~]“Rabbi, gade pye fig frans ke Ou te modi a gen tan vin sèch”.
22 Jésus te reponn e te di yo: [~14~]
25
27 Konsa, yo te rive ankò Jérusalem. [~19~]E pandan Li t ap mache nan tanp lan, chèf prèt yo avèk skrib yo ak ansyen yo te vin kote L.
28 Yo te di L: “Pa ki otorite W ap fè bagay sa yo; oubyen kilès ki te bay Ou otorite sa a pou fè bagay sa yo?”
29 Jésus te di yo:
31 Yo te rezone pami yo menm pou di: “Si nou di ‘nan syèl la’, l ap di poukisa nou pa t kwè li? 32 Men si nou di de lòm?” Konsa, yo te pè foul la, paske tout moun te konsidere ke Jean te vrèman yon pwofèt.
33 Yo te reponn Jésus e te di: “Nou pa konnen”.