1 Alò, rasanble nou an twoup lame,
O fi a lame yo.
Li fin fè syèj kont nou.
Ak gwo baton, yo va [~1~]frape jij Israël la sou machwè.
2 Men ou menm, Bethléhem Éphrata,
pi piti pami fanmi a Juda yo,
nan [~2~]ou va soti de Mwen
Youn pou vin chèf an Israël.
Lè pou L vin parèt la te etabli depi
nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.
3 Akoz sa, Li va [~3~]abandone yo jiskaske
sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la.
Nan lè sa a, retay nan frè li yo
va retounen vin jwenn fis Israël yo.
4 Konsa Li va leve pou mennen
[~4~] bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a,
nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a.
Epi yo va viv, paske nan tan sa a,
Li va pwisan jis rive nan [~5~]dènye pwent latè.
5 Li va lapè nou[~6~] lè Asiryen yo vini nan peyi nou an,
e lè li va mache nan palè nou yo.
Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.
6 Yo va [~7~]regle peyi Assyrie ak nepe,
ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo.
Konsa, li va [~8~]delivre nou soti nan men Asiryen an
lè l fè envazyon peyi nou an,
ak lè li mache anndan fwontyè nou an.
7 Epi konsa, [~9~]retay Jacob la va
nan mitan anpil nasyon pèp yo,
tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a,
tankou lapli k ap farinen sou zèb,
ki p ap tann lòm,
ni fè reta pou fis a lòm yo.
8 Retay Jacob la va pami nasyon yo,
pami anpil pèp;
Tankou yon lyon pami bèt forè,
tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton;
li menm, si l pase, mache, dechire an mòso
e [~10~]p ap gen pèsòn ki pou delivre.
9 Ke men ou vin [~11~]Leve kont advèsè Ou yo
e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.
10 “Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a,
[~12~]“ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou
e Mwen va detwi cha lagè nou yo.
11 “Anplis, Mwen va koupe retire [~13~]vil
nan peyi nou yo e mwen va jete tout
miray fòterès nou yo.
12 Mwen va koupe retire zafè tout [~14~]wanga
soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò.
13 [~15~]Mwen va retire imaj taye nou yo ak
pilye sakre ki pami nou yo,
pou nou pa adore zèv men nou yo ankò.
14 Mwen va dechouke [~16~]Asherim ki pami nou yo,
e mwen va detwi vil nou yo.
15 Epi Mwen va [~17~]egzekite vanjans kòlè