1 Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn
a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo.
Li va vin leve anwo kolin yo e pèp nasyon yo
va kouri kon dlo pou rive kote l.[~1~]
2 Anpil nasyon va vin di:
“Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a,
lakay Bondye Jacob la,
pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo
e pou nou ka mache sou pa Li yo.”
Paske depi nan Sion, lalwa va sòti
e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.[~2~]
3 Konsa, Li va [~3~]jije antre anpil pèp e pran
desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen.
Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen [~4~]cha
pou laboure latè yo,
ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj.
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e
p ap aprann fè lagè ankò.
4 Men yo va fè chak moun [~5~]chita anba chan
rezen pa yo ak anba pye fig pa yo.
Pèsòn p ap fè yo pè:
paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa.
5 Malgre tout pèp yo mache
nan non dye pa yo, pou nou menm,
[~6~]nou va mache nan non SENYÈ Bondye
nou an jis pou tout tan e pou tout tan.
6 “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a,
“Mwen va [~7~]rasanble moun bwate yo,
e Mwen va reyini moun rejte yo,
ak sa ke M te aflije yo.
7 Mwen va fè moun bwate yo
vin yon [~8~]retay e moun rejte yo
vin yon nasyon pwisan;
Konsa, [~9~]SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion
depi koulye a rive jis pou tout tan.”
8 A nou menm [~10~] wo tou bann mouton an,
mòn fi Sion an,
sou ou menm, li va retounen.
Wi, menm [~11~]ansyen pouvwa a,
wayòm nan de fi Jérusalem nan.
9 Alò, poukisa ou [~12~]rele anmwey konsa?
Èske pa gen wa pami nou?
Èske [~13~]konseye nou an fin peri?
Kite gwo doulè a sezi nou
kon yon fanm k ap pouse fè pitit?
10 Se pou ou vin an doulè,
doulè pou pouse fè pitit
fi a Sion an,
kon yon fanm ki ansent;
paske koulye a, ou va [~14~]sòti nan vil la
pou rete nan chan,
e ou va ale menm nan Babylone.
[~15~]La ou va delivre.
La SENYÈ a va rachte ou,
soti nan men ènmi ou yo.
11 Epi koulye a, gen [~16~]anpil nasyon
ki rasanble kont ou k ap di:
“Kite li fin souye nèt,
e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”
12 Men yo pa [~17~]konnen refleksyon a SENYÈ a,
ni yo pa konprann bi Li a;
paske Li te ranmase moun sa yo,
kon pakèt sereyal yo,
pou pote sou glasi vannen an.
13 Leve pou [~18~]bat jèm nan, O fi a Sion an!
Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè,
e zago ou kon yon zago an bwonz.
Ou va [~19~]bat an mòso anpil pèp,
pou ou kapab konsakre a SENYÈ a
tout richès enjis pa yo,
ke nou ranmase ak tout byen pa yo,
bay SENYÈ tout latè a.