1 Konsa, mwen te di:
“Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila
k ap gouvène lakay Israël yo.
Èske nou pa dwe konnen lajistis?[~1~]
2 Nou menm ki rayi sa ki bon,
e ki renmen sa ki mal;
ki [~2~]chire po yo sou kò yo,
ak chè yo soti sou zo yo;
3 k ap anplis[~3~]manje chè pèp Mwen an,
chire po yo sou yo, kraze zo yo
e [~4~]koupe yo an mòso,
tankou se pou mete nan chodyè,
tankou vyann nan bonm nan.
4 Konsa,, yo va kriye fò a SENYÈ a,
men Li p ap reponn yo.
Olye de sa, nan lè sa a, Li va [~5~]kache figi li a yo menm,
akoz yo te pratike zak ki mechan.”
5 Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te [~6~]mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.
6 Akoz sa, li fènwa [~7~] sou nou—san vizyon
e fènwa pou nou—san apèsi davni.
[~8~]Solèy la va kouche sou pwofèt yo,
e lajounen va vin fènwa sou yo.
7 Vwayan yo va wont
e [~9~]divinò yo va nan konfizyon.
Anverite, yo tout va [~10~]kouvri bouch yo
akoz Bondye pa reponn.
8 Men kanta mwen menm,
[~11~]mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a,
ak jistis ak kouraj Li,
pou [~12~]fè Jacob konnen zak rebelyon li an;
menm a Israël, peche pa l la.
9 Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo,
ak sila k ap gouvène lakay Israël yo,
ki [~13~]rayi jistis,
e ki vire tòde tout sa ki dwat,
10 Ki [~14~]bati Sion ak san koule,
e Jérusalem ak vyolans e enjistis.
11 Chèf li yo fè [~15~]jijman
pou jwenn sa ki glise anba tab,
e [~16~]prèt li yo enstwi pou kòb,
pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan.
Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a.
Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou?
Okenn malè p ap rive sou nou.”
12 Konsa, akoz nou menm,
[~17~]Sion va vin raboure tankou yon chan,
e [~18~]Jérusalem va vin yon pil mazi,
e mòn tanp lan va devni
tankou wo plas yo nan forè a.