1 Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan [~1~]pwòp vil Li a. 2 [~2~]Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a:
3 Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a [~3~]ap blasfeme.”
4 Men Jésus te [~4~]konnen panse yo e Li te di:
7 Epi konsa, Li te leve ale lakay li. 8 Lè foul la te wè sa, yo te etonnen, e yo te [~6~]bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.
9 [~7~]Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l:
12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di:
14 Aprè sa, disip a Jean yo [~11~]te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?”
15 Jésus di yo konsa:
18 [~12~]Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”
19 Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo. 20 Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche [~13~]rebò vètman Li; 21 paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab [~14~]touche rebò vètman Li, m ap geri.”
22 Men Jésus te vire wè li e te di li:
23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè [~16~]moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd. 24 Li te di:
27 Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras [~21~]Fis a David la!” 28 Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo:
29 Li te touche zye yo e te di:
32 E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li [~25~]yon moun bèbè avèk yon move lespri. 33 Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: [~26~]“Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.”
34 Men Farizyen yo t ap di: [~27~]“Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”
35 Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap [~28~]enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik. 36 Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, [~29~]paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò. 37 Konsa Li di a disip Li yo: [~30~]