1 Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li. 2 Epi [~1~]yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.
3 Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l:
5 [~4~]Lè Jésus te fin antre Capernaüm, yon chèf sentiwon Women te vin sipliye Li: 6 “Senyè, sèvitè mwen an kouche [~5~]paralize lakay mwen. L ap soufri anpil.”
7 Jésus Li te di li:
8 Men sentiwon an te reponn Li: “Senyè, mwen pa dign pou Ou pase anba twati kay mwen, men sèlman di yon mo, e sèvitè mwen an va geri. 9 Paske mwen menm tou se yon moun anba [~6~]otorite, avèk sòlda anba mwen. Mwen di a youn ‘ale’, li ale, e a yon lòt ‘vini’, e li vini, epi a esklav mwen ‘Fè sa’ e li fè l.”
10 Lè Jésus te tande sa, Li te etone e te di a sila ki t ap swiv Li yo:
14 [~11~]Lè Jésus te antre lakay Pierre, Li te wè bèlmè li kouche malad sou kabann li avèk lafyèv. 15 Lè Li fin touche men li, lafyèv la te kite l. Konsa, li te leve pou sèvi Li. 16 Lè fènwa te vin rive, yo te pote bay Li anpil moun [~12~]ki te gen move lespri. Li te jete move lespri sa yo deyò avèk yon mo, e te [~13~]geri tout malad yo. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: [~14~]“Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”
18 Lè Jésus te wè yon foul t ap antoure l, [~15~]Li te pase lòd pou pati ale lòtbò lanmè a.
19 [~16~]Yon sèten skrib te parèt. Li te di L: “Mèt, m ap swiv ou nenpòt kote ou ale.”
20 Jésus te di li:
21 Yon lòt nan disip Li yo te di Li: “Senyè, kite mwen premyèman ale antere papa m.”
22 Men Jésus te di li: [~18~]
23 [~19~]Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li. 24 Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi. 25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”
26 Li te reponn yo:
27 Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”
28 [~21~]Lè li te rive lòtbò nan peyi Gadarenyen yo, de moun ki te gen move lespri te rankontre li pandan yo t ap soti nan tonm yo. Yo te tèlman vyolan ke pèsòn pa t kapab pase nan chemen sa a. 29 Epi yo te kriye e te di: [~22~]“Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?” 30 A yon distans, te gen yon bann kochon ki t ap manje. 31 Epi lespri yo te kòmanse sipliye Li konsa: “Si ou ap mete nou deyò, voye nou nan bann kochon sa yo.”
32 Li te di yo:
33 Gadyen yo te kouri ale antre nan vil la kote yo te fè rapò tout bagay sa yo, ansanm avèk sa ki te rive [~23~]moun move lespri yo. 34 Konsa, tout vil la te soti pou rankontre Jésus. Lè yo te wè L, [~24~]yo te sipliye Li pou kite peyi yo a.
<- Matthïeu 7Matthïeu 9 ->