1 Alò, [~1~]nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di: 2 [~2~]“Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.” 3 Paske sila a se de [~3~]li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: [~4~]
4 Alò, Jean li menm te gen [~5~]yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj. 5 Jérusalem avèk tout Judée [~6~]t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an. 6 Yo t ap [~7~]batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.
7 Men lè li te wè anpil [~8~]Farizyen avèk [~9~]Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an? 8 [~10~]Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan. 9 Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: [~11~]‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo. 10 [~12~]Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”
11 “Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk [~13~]Lespri Sen an, epi avèk dife. 12 Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”
13 [~14~]Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize. 14 Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”
15 Men Jésus te reponn li. Li te di l:
16 Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. [~16~]Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li. 17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: [~17~]“Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”
<- Matthïeu 2Matthïeu 4 ->