2 Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e [~2~]yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule [~3~]wòch akote a, e li te chita sou li. 3 Li te [~4~]parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.
4 Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.
5 Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: [~5~]“Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. 6 Li pa la, paske Li leve, [~6~]menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.” 7 “Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nan[~7~]Galilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”
8 Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo.
9 Pandan yo t ap w ale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo.
11 Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan [~9~]gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a. 12 Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo. 13 Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi. 14 Si sa ta gen tan rive nan [~10~]zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’ ”.
15 Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te [~11~]gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.
16 Men onz disip yo te fè wout yo pou [~12~]Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men [~13~]kèk te doute.
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: [~14~]