3 Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm [~3~]nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la. 4 Epi yo te [~4~]fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li. 5 Men yo t ap di: “Pa fè l pandan fèt la [~5~]otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la.”
6 [~6~]Alò, lè Jésus te Béthanie nan kay a Simon, lepre la, 7 [~7~]yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Jésus, pandan Li te sou tab la.
8 Men disip yo te mekontan lè yo te wè sa. Yo te di: “Poukisa l ap fè gaspiyaj konsa? 9 Pwiske pafen sa a ta kapab vann pou yon gwo pri, e lajan sa a ta kapab separe bay a malere yo.”
10 Men Jésus te konprann sa, e te di yo:
14 [~11~]Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo. 15 Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?”
17 [~13~]Alò, nan premye jou Fèt Pen San Ledven an, disip yo te vin kote Jésus pou mande L: “Kibò Ou vle nou prepare manje Jou Pak Jwif la pou Ou?”
18 Li te di yo:
19 Disip yo te fè sa, jan Jésus te mande yo a. Konsa, yo te prepare Jou Pak la.
20 [~15~]Alò, lè fènwa te vin rive, Jésus te lonje sou tab la avèk douz disip yo. 21 Pandan yo t ap manje, Li te di yo: [~16~]
22 Avèk yon doulè pwofon, yo chak te kòmanse mande L: “Asireman, se pa mwen menm, Senyè?”
23 Li te reponn: [~17~]
25 [~19~]Judas, ki t ap trayi Li a te reponn: “Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?”
26 [~20~]Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di:
27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di:
30 [~22~]Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.
31 Konsa, Jésus te di yo:
33 Men Pierre te reponn e te di Li: “Menm lè tout lòt yo fè bak akoz de Ou menm, mwen menm, mwen p ap fè bak.”
34 Jésus te di li: [~25~]
35 Pierre te di Li: [~26~]“Menm si mwen oblije mouri avèk Ou, mwen p ap janm nye Ou.” Tout lòt disip yo te di menm bagay sila a tou.
36 [~27~]Konsa, Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané. Li te di a disip Li yo:
37 Li te pran avè L [~28~]Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès. 38 Konsa Li te di yo:
40 Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre:
42 Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa:
43 Ankò Li te retounen e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. 44 Konsa, Li te kite yo ankò pou te ale pou priye yon twazyèm fwa. Li te fè menm priyè a yon fwa ankò.
45
47 [~36~]Pandan Li te toujou ap pale, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo. 48 Konsa, sila ki t ap trayi Li a te deja bay yo yon sinyal. Li te di: “Sila ke m bo a, se Li menm. Sezi Li.” 49 Touswit, Li te ale kote Jésus. Li te di: “Bonswa [~37~]Rabbi (Mèt)!” e li te bo Li.
50 Jésus te di Li: [~38~]
51 Epi konsa, [~39~]youn nan yo ki te avèk Jésus te rale nepe l, te voye l e koupe zòrèy a esklav gran prèt la.
52 Alò, Jésus te di l:
55 Nan moman sa a, Jésus te di a foul la:
57 [~46~]Sila ki te sezi Jésus yo te mennen L ale pou wè Caïphe, gran prèt la, kote skrib yo avèk lansyen a pèp yo te gen tan rasanble.
58 Men [~47~]Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan [~48~]lakou wo prèt la. Li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè jan li ta fini.
59 Epi chèf prèt yo avèk tout [~49~]Konsèy la t ap fòse wè si yo ta kab twouve kèk fo temwayaj kont Jésus, pou yo ta kapab mete L a lanmò. 60 Men yo pa t twouve okenn, malgre ke anpil fo temwayaj te vin prezante.
62 Konsa, wo prèt la te kanpe pou te di L: “Èske Ou p ap reponn? Kisa ke moun sa yo ap temwaye kont ou an?”
63 Men Jésus te rete an silans.
64 Jésus te di li:
65 Konsa wo prèt la te [~54~]chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan. 66 Kisa nou panse?” Yo te reponn e te di: [~55~]“Li merite lanmò!”
67 [~56~]Epi yo krache nan figi Li, e te bat Li avèk kout pwen. Lòt yo te souflete L. 68 Yo te di: [~57~]“Pwofetize pou nou, Ou menm Kris la! Kilès ki te frape Ou a?”
69 [~58~]Konsa, Pierre te chita deyò a nan lakou a, e yon sèten fi ki t ap sèvi lòt yo te vin kote l. Li te di l: “Ou te osi avèk Jésus, Galileyen an.”
70 Men Li demanti devan tout e te di: “Mwen pa konnen menm de kisa w ap pale a!”
71 Epi lè li fin sòti sou galri a, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”
72 Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”
73 Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. [~59~]Jan ou pale a devwale ou.”
74 Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!”