1[~1~]Jésus te sòti nan tanp lan e t ap fè wout Li. Disip Li yo te vini pou montre Li bèl konstriksyon tanp lan. 2 Men Li te di yo: “Konsa, nou wè tout bagay sa yo? Anverite, Mwen di nou ke[~2~]pa menm yon wòch isit la ap rete sou youn lòt ki p ap jete dekonble nèt.”
3 Pandan Li t ap chita sou [~3~]Mòn Oliv la, disip Li yo te vin kote Li an prive. Yo te mande L: “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e ki sign k ap fè nou konnen ke Ou ap vini, e k ap enfòme nou sou fen tan yo?”
4 Jésus te reponn yo: “Fè atansyon pou pèsòn pa kondwi nou nan erè!”5Konsa,[~4~]anpil moun ap vini nan non Mwen k ap di: ‘Se Mwen ki Kris La’, e yo va kondwi anpil moun nan erè.
6“Nou va tande afè[~5~]lagè, avèk bwi ki pale sou lagè, men fè atansyon pou nou pa pè. Fòk bagay sa yo rive, men sa se pa lafen an.7Paske [~6~]nasyon ap leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm. Nan plizyè andwa, va gen gwo grangou avèk tranbleman de tè yo.8[~7~]Men tout bagay sa yo se sèlman kòmansman an; tankou premye doulè a fanm k ap akouche a.
9[~8~]“Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou.[~9~]Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.
10“Konsa, nan tan sa a, anpil moun ap [~10~]chite. Youn ap denonse lòt, e youn ap rayi lòt.11Epi anpil[~11~]fo pwofèt ap leve, e y ap mennen anpil moun nan erè.12Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt.13[~12~]Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.
14“Epi[~13~]bòn nouvèl a wayòm sila a va preche nan tout[~14~]lemonn kon yon temwayaj a tout nasyon yo, e apre sa a, lafen an va rive.
15“Pou sa, kon pwofèt Daniel te pale a, lè nou wè[~15~]abominasyon dezolasyon an ki te pale pa Daniel, pwofèt la, k ap kanpe nan lye sen an, (kite moun k ap li a konprann) 16nan moman sa a kite sila nan Judée yo sove pou ale nan mòn yo.17Nenpòt moun ki[~16~]anwo kay la pa dwe desann pou pran byen li nan kay li,18ni nenpòt moun ki nan chan an pa dwe retounen pou pran rad li. 19Men[~17~]malè a sila ki ansent yo e a sila k ap bay pitit yo tete nan jou sa yo!
20“Men priye pou ou pa oblije sove ale nan livè, ni nan yon jou Saba,21paske nan tan sa a, ap gen yon[~18~]gwo tribilasyon yon jan ki pa janm fèt depi nan kòmansman mond lan, jouk rive koulye a, ni p ap janm genyen ankò.22Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou[~19~]lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.
23[~20~]“Nan lè sa a, si yon moun di nou: ‘Gade, men Kris la isit la’, oubyen ‘Men Li la’, pa kwè li.24Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo [~21~]sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm[~22~]sila ki eli yo.25Veye, Mwen avèti nou davans.
26“Si yo di nou ‘Men Li nan dezè a’ pa ale la; oubyen ‘Gade la, Li la nan chanm pa anndan an, pa kwè yo.27[~23~]Paske menm jan ke kout eklè a sòti nan lès pou klere jouk rive nan lwès, konsa n ap wè vini Fis a Lòm nan.28[~24~]Nenpòt kote kadav la ye, se la ou va twouve votou yo.
29“Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo,[~25~]solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.
30“Epi nan moman sa a,[~26~]sign a Fis a Lòm nan va parèt nan syèl la, e tout tribi sou tè a va kriye avèk doulè, paske yo va wè[~27~]Fis a Lòm nan vini sòti sou nyaj syèl yo avèk pouvwa ak gran glwa,31epi Li va voye zanj Li avèk[~28~]yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.
32“Koulye a, vin konprann parabòl a pye fig frans lan: lè branch li vin vèt, e prezante fèy, nou konnen ke gran sezon chalè a rive sou nou. 33Ou menm tou, lè nou wè tout bagay sa yo, rekonèt ke Li pwòch,[~29~]Li parèt menm nan pòt la.
34“Anverite, Mwen di nou: [~30~]Jenerasyon sila a p ap disparèt jouk lè ke tout bagay sa yo fin pase. 35[~31~]Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt. 36Men[~32~]konsènan jou sa a, avèk lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
37“Paske vini a Fis a Lòm nan va[~33~]menm jan avèk jou a Noé yo.38Paske menm jan ke jou yo te ye avan gwo delij la, yo t ap manje e bwè; yo t ap [~34~]marye, e t ap bay moun nan maryaj, jouk jou ke[~35~]Noé te antre nan lach la.39Epi yo pa t konprann jiskaske delij la te vini e pote yo tout ale; konsa l ap ye avèk [~36~]vini a Fis a Lòm nan.
40“Nan moman sa a, ap gen de mesyè nan yon chan; youn ap prale; lòt la ap rete.41[~37~]De fanm k ap moulen nan moulen an; youn ap prale, lòt la ap rete.
42“Pou sa, [~38~]43men konnen byen yon bagay; [~39~]si mèt kay la te konnen a[~40~]kilè nan nwit lan vòlè a t ap parèt, li t ap veye plis, e pa t ap kite kay la kase.44Pou rezon sa a,[~41~]fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.
45[~42~]“Kilès, konsa, ki se esklav fidèl e rezonab ke mèt la te mete responsab tout lakay li, pou bay yo manje nan lè ke yo bezwen? 46Beni se esklav k ap fè sa lè mèt li vini an.47Anverite Mwen di nou ke[~43~]l ap mete li kòm chèf sou tout byen li yo.
48“Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’,49epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo,50mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen,51epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen [~44~]kriye avèk manje dan.”