Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
19
1 Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou [~1~]ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an. 2 Gran foul yo te swiv Li, e [~2~]Li te geri yo la.

3 Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: [~3~]“Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”

4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li [~4~]ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, 5 ke: [~5~]‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? 6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’ ”

7 Yo te mande L: “Ebyen, [~6~]poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’ ”

8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. 9 Mwen di nou: [~7~] Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”

10 Disip Li yo te di L: “Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye.”

11 Men Li te di yo: [~8~]“Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay. 12 Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.”

13 Apre sa, [~9~]yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.

14 Konsa, Jésus te di: [~10~]“Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”. 15 Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la.

16 [~11~]Konsa, youn moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?”

17 Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men [~12~]si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”

18 Li te mande Li: “Kilès nan yo?”

Jésus te reponn li: [~13~]“Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj. 19 [~14~]Onore papa ou avèk manman ou, epi [~15~]renmen pwochen ou tankou tèt ou.”

20 Jennonm nan te di L: “Tout bagay sa yo, mwen fè yo. Kisa mwen manke?”

21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè, [~16~] ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”

22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.

23 Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: [~17~] Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la. 24 Ankò, Mwen di nou: [~18~]Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”

25 Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?”

26 Jésus te byen gade yo, e te di: [~19~]“Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”

27 Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: “Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?”

28 Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm [~20~]tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.

29 [~21~]“Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl. 30 [~22~]Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye.”

<- Matthïeu 18Matthïeu 20 ->