9 Malgre sa te fè l tris, wa a te kòmande sa fèt akoz sèman an, e akoz tout vizitè ki te la avèk yo. 10 Li te voye fè yo koupe tèt a Jean nan prizon an. 11 Yo te pote tèt li sou yon plato e te bay fi a. Konsa, fi a te pote l bay manman l. 12 Disip li yo te vin pran kò a e te antere l. Apre, yo te ale bay rapò a Jésus. 13 [~7~]Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.
14 Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te [~8~]geri malad yo.
15 Lè li te vin fènwa, disip yo te vin di Li: “Plas sa a dezète, e lè a gen tan depase. Konsa, voye foul la ale pou yo kapab rive nan bouk yo pou achte kèk manje.”
16 Men Jésus te di yo:
17 Yo te di Li: “Nou gen sèlman [~9~]senk pen ak de grenn pwason.”
18 Li te di:
22 [~12~]Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale. 23 Apre li te voye foul la ale, [~13~]Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li. 24 Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen [~14~]move. 25 Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a. 26 Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon [~15~]fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz. 27 Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: [~16~]
28 Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”
29 Li te reponn:
31 Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa:
34 [~18~]Lè yo te fin travèse, yo te rive atè nan Génésareth. 35 Lè moun nan plas sa yo te rekonèt Li, yo te voye nouvèl nan tout ozanviwon an, e yo te pote bay Li tout sila ki te malad yo. 36 Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te [~19~]touche L yo te geri nèt.
<- Matthïeu 13Matthïeu 15 ->