1 Nan lè sa a, Jésus te pase nan chan sereyal yo nan jou Saba a e disip Li yo te vin grangou. Yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal pou manje yo. 2 Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki [~1~]pa pèmi nan yon jou Saba.”
3 Men Li te di yo: “Èske nou pa li sa ke David te fè lè li te vin grangou; li menm avèk lòt moun ki te avè l yo?4Jan li te antre nan kay Bondye a, e[~2~]te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo?5Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan?6Men Mwen di nou ke yon choz[~3~]pi gran pase tanp lan isit la.7Men si nou te konnen kisa sa vle di: [~4~]‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo.8Paske [~5~]Fis a Lòm nan se Senyè Saba a.”
9 Konsa, Li te [~6~]kite la e te ale nan sinagòg yo. 10 Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: [~7~]“Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.
11 Li te reponn yo: [~8~]“Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a?12[~9~]Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a.”13 Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!”[~10~]Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la. 14 Men Farizyen yo te soti deyò, pou [~11~]fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.
15 Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l.
Anpil moun te swiv Li, e [~12~]Li te geri yo tout.
16 Epi Li te [~13~]pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di:
22[~19~]Apre sa, yo te pote bay Li yon mesye ki te avèg e bèbè akoz yon move lespri. Li te geri li, e bèbè a te vin pale e li te vin wè. 23 Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab [~20~]Fis a David?” 24 Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap [~21~]chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.”
25[~22~]Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe.26Si se[~23~]Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe?27Epi si Mwen menm[~24~]pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou. 28Men[~25~]si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou.29Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.
30[~26~]“Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye. 31[~27~]Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone. 32[~28~]Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan[~29~]laj sila a ni nan laj k ap vini an.
33“Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri.[~30~]Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay.34[~31~]Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a.35[~32~]Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal.36Epi Mwen di nou ke nan[~33~]jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
38 Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: [~34~]“Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.
39 Men li te reponn yo konsa: [~35~]“Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la. 40Menm jan ke[~36~]Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase[~37~]twa jou ak twa nwit nan kè latè.41Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske[~38~]yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la.42[~39~]Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.
43[~40~]“Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn.44Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd.45Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi[~41~]dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”
46[~42~]Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li. 47 Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”
48 Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?”49 Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo.50Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”