1 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jonas pou yon dezyèm fwa. Li te di: 2 “Leve ale [~1~]Ninive, gwo vil la e [~2~]pwoklame a li menm tout pwoklamasyon ke Mwen va pale ou yo.”
3 Konsa, Jonas te ale Ninive selon pawòl SENYÈ a. Alò, Ninive te [~3~]tèlman yon gwo vil, li te pran twa jou ap mache pou travèse l. 4 Jonas te kòmanse travèse vil la pandan yon jou. Li te [~4~]kriye fò e te di: “Nan karant jou, Ninive va detwi nèt.”
5 Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon [~5~]jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo. 6 Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann.[~6~] 7 Li te pibliye yon [~7~]pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo. 8 Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab [~8~]vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo. 9 [~9~]Kilès ki konnen, petèt Bondye va repanti e ralanti sou gwo kòlè Li a pou nou pa peri.”
10 Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te [~10~]vire kite chemen mechan yo a, alò [~11~]Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.
<- Jonas 2Jonas 4 ->