Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi [~1~]nan vant pwason an. 2 Li te di:

“Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a,
e Li te reponn mwen.
Mwen te kriye pou sekou
depi nan pwofondè [~2~]sejou mò yo.
Ou te tande vwa mwen.
3 Ou te [~3~]jete mwen nan gwo pwofondè a,
nan kè lanmè yo,
e gwo kouran dlo a te vale mwen.
Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè
ou yo te pase sou mwen.
4 Konsa, mwen te di: ‘Mwen te [~4~]vin chase lwen fas ou.
Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’
5 [~5~]Dlo te antoure mwen
jiskaske m rive nan pwen lanmò.
Gwo [~6~]pwofondè a te vale mwen;
zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.
6 Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo.
Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan,
men Ou te [~7~]leve lavi m monte soti nan fòs la,
O SENYÈ Bondye mwen an!
 
7 “Pandan mwen t ap [~8~]vin endispoze nèt,
Mwen te [~9~]sonje SENYÈ a
e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.
8 Sila ki [~10~]konsidere zidòl san valè yo
abandone tout sous mizerikòd,
9 Men mwen va fè sakrifis a Ou menm
ak vwa aksyon de gras la.
Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va [~11~]akonpli.
[~12~]Sali a sòti nan SENYÈ a.”
10 Epi SENYÈ a te kòmande [~13~]pwason an
e li te vomi Jonas sou tè sèch la.

<- Jonas 1Jonas 3 ->