Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Konsa, Job te reponn. Li te di:

2 “Anverite, mwen konnen sa se vrè;
alò, kijan yon [~1~]nonm kapab genyen dwa
devan Bondye?
3 Si yon moun te vle [~2~]diskite avèk Li,
li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.
4 Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs;
se kilès ki konn [~3~]reziste ak Li san donmaj?
5 Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen,
lè Li boulvèse yo nan fachez Li.
6 Li [~4~]souke latè sòti nan plas li,
e fè [~5~]pilye fondasyon li yo tranble.
7 Li kòmande [~6~]solèy la pou l pa klere
e ki mete yon so sou zetwal yo.
8 Se Li menm sèl ki [~7~]rale lonje syèl yo
e bese vag lanmè yo.
9 Li sèl ki fè sou syèl la [~8~] gwo Ourse la ak Orion an,
avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.
10 Li menm ki [~9~]fè gwo bagay mèvèy yo,
avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.
11 Si Li ta vin pase bò kote mwen, [~10~]mwen pa t ap wè L.
Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.
12 Gade byen, Li rache retire,
se kilès ki ka anpeche L?
Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?
 
13 “Bondye p ap detounen kòlè Li.
Anba Li, byen akwoupi, se asistan a [~11~]Rahab yo.
14 Kijan [~12~]mwen kab reponn Li,
e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?
15 Paske malgre mwen te gen rezon,
mwen pa t kab reponn.
Mwen ta oblije [~13~]mande gras a Jij mwen an.
16 Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen,
mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.
17 Paske Li fin [~14~]brize m nèt ak yon tanpèt,
e ogmante blese mwen yo san koz.
18 Li [~15~]pa lèse m pran souf,
men fè m debòde ak [~16~]sa ki anmè.
19 Men [~17~]pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs!
Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye
pwosè vèbal bay Li menm?
20 Malgre mwen dwat, [~18~]bouch mwen ap kondane m;
malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.
21 Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm;
mwen [~19~]rayi lavi m.
 
22 “Tout se menm bagay.
Akoz sa mwen di [~20~] Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’
23 Si frèt la vin touye sibitman,
l ap [~21~]moke dezolasyon inosan an.
24 Ak lemonn nan [~22~] ki sede nan men a mechan yo,
Li fin [~23~]kouvri figi a jij latè yo.
Si se pa Li menm, eh byen se kilès?
 
25 “Alò, [~24~]jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous;
Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.
26 Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan [~25~]wozo,
tankou yon [~26~]èg ki vole plonje sou viktim li.
27 Malgre mwen di ke m va bliye [~27~]plent mwen,
ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,
28 mwen krent tout doulè mwen yo.
Mwen konnen ke [~28~]Ou p ap bliye fot mwen yo.
29 Mwen gen tan fin jije [~29~]koupab.
Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?
30 Si m ta [~30~]lave m nèt ak lanèj,
e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,
31 malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la,
e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.
32 Paske [~31~]Li pa yon nonm kon mwen, [~32~]pou m ta reponn Li,
pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.
33 Nanpwen moun ki pou [~33~]fè antant antre nou,
ki ta kab mete men l sou nou toulède.
34 Kite Li [~34~] retire baton Li sou mwen,
e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.
35 Konsa, mwen [~35~]ta pale san fè laperèz devan L;
men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”
 

<- Job 8Job 10 ->