1 “Èske lòm pa [~1~]oblije fè kòve sou latè?
Èske jou li yo pa tankou jou a yon [~2~]ouvriye jounalye?
2 Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj,
tankou jounalye k ap tann kòb li,
3 se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè,
e [~3~]nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.
4 Lè m [~4~]kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’
Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.
5 [~5~]Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè.
Po m vin di e li koule pij.
6 Jou m yo mache [~6~]pi vit ke mach aparèy tise a.
Yo fini [~7~]sanzespwa.
7 Sonje byen ke lavi m [~8~]pa plis ke yon souf;
zye m [~9~]p ap wè sa ki bon ankò.
8 [~10~]Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò.
Zye Ou va sou mwen, men [~11~]mwen p ap la ankò.
9 Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt.
Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò.
10 Li p ap retounen ankò lakay li,
ni [~12~]plas li p ap rekonèt li ankò.
11 “Akoz sa a, mwen p ap [~13~]met fren nan bouch mwen.
Mwen va pale nan doulè lespri m;
mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.
12 Èske se lanmè mwen ye, oswa [~14~]bèt jeyan lanmè a,
pou Ou te mete gad sou mwen?
13 Si mwen di: [~15~]‘Kabann mwen va ban m repo,
sofa m va soulaje plent mwen,’
14 answit, Ou fè m krent ak rèv,
e teworize m ak vizyon;
15 jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe;
pito lanmò olye doulè mwen yo.
16 Mwen fin epwize nèt;
mwen p ap viv tout tan.
Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.
17 [~16~]Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li
e pou Ou bay ka li enpòtans,
18 pou [~17~]Ou fè l pase egzamen chak maten e
fè l pase eprèv chak moman?
19 [~18~]Èske Ou p ap janm sispann gade m,
ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?
20 [~19~]Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou,
[~20~]Ou menm, ki gadyen lòm?
Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou
jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?
21 Poukisa konsa [~21~]Ou pa padone transgresyon mwen yo,
e retire inikite mwen yo?
Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a;