31
1 “Mwen te fè yon akò ak [~1~]zye m;
alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?
2 Paske se kisa ki [~2~]pòsyon Bondye soti anwo a,
ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a?
3 Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo,
ak yon dezas pou [~3~]sila ki fè inikite yo?
4 Èske Li pa [~4~]wè chemen mwen yo
e kontwole tout pa mwen yo?
5 “Si mwen te [~5~]mache nan sa ki fo,
e pye m te kouri dèyè twonpe moun,
6 (kite Li [~6~]peze mwen nan yon balans ki jis
e kite Bondye konnen entegrite m).
7 Si pa m yo te [~7~]vire kite chemen an,
oswa kè m te swiv zye m,
oswa si gen yon tach ki kole sou men m,
8 kite mwen [~8~]simen pou yon lòt ta manje,
e kite tout sa m plante vin rache.
9 “Si kè m te [~9~]sedwi pa yon fanm,
oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,
10 kite madanm mwen graje pou yon lòt
e kite [~10~]lòt yo vin kouche sou li.
11 Paske sa ta yon krim [~11~]sansyèl;
anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije.
12 Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan [~12~]Sejou Lanmò yo
e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.
13 Si mwen te [~13~]refize demand esklav mwen an,
gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,
14 alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve?
Konsa, lè L rele m pou jijman,
ki repons mwen ta kab bay Li?
15 Èske [~14~]Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou?
Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?
16 Si mwen te [~15~]anpeche malere yo nan dezi yo,
oswa te fè zye a vèv la pa wè klè,
17 oswa te manje pòsyon pa mwen pou kont mwen
san [~16~]òfelen an pa jwen ladann,
18 (Men depi jenès mwen, òfelen an te grandi avè m tankou papa l
e soti nan anfans lan, mwen te fè gid pou vèv la),
19 si mwen te wè yon moun peri akoz mank rad,
oswa ke [~17~]sila ak bezwen pa t gen anyen pou kouvri l,
20 si kè li pa t beni m,
si li pa t chofe ak lenn mouton mwen an,
21 si mwen te leve men m kont [~18~]òfelen an,
akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la,
22 alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li,
e [~19~]bra m kase soti nan zo li.
23 Paske m pè anpil malè Bondye a.
Li tèlman gran ak [~20~]majeste,
m pa ka fè anyen devan L.
24 Si se nan [~21~]lò mwen te mete espwa m,
pou m te di lò fen a, ‘se ou ki konfyans mwen,’
25 Si mwen te [~22~]rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran,
e akoz men m te tèlman ranmase anpil;
26 si mwen te [~23~]gade solèy la lè l t ap brile,
oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,
27 epi kè m te vin sedwi an sekrè,
e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,
28 sa osi ta yon inikite ki merite jijman,
paske mwen t ap [~24~]abandone Bondye anwo a.
29 Èske mwen te [~25~]rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt?
Oswa bat men m lè mal vin rive li?
30 Non, [~26~]mwen pa t kite bouch mwen peche,
ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.
31 Èske mesye nan tant mwen yo pa t di:
‘Ou pa p twouve yon moun ki pa [~27~]satisfè ak vyann pa li a?’
32 Etranje a pa t rete deyò;
mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.
33 Èske m te [~28~]kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam?
Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,
34 akoz mwen te [~29~]krent gwo foul la?
Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo,
te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?
35 O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen!
Gade byen, men otograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen!
Mennen pwosè vèbal ke [~30~]akizè a te ekri.
36 Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen;
mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.
37 Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran.
Tankou [~31~]yon prens mwen ta parèt devan L.
38 Si menm [~32~]teren mwen an rele kont mwen,
e tout tranch li yo kriye ansanm;
39 si mwen te manje fwi li san lajan,
oswa te [~33~]kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo,
40 kite [~34~]pikan yo grandi olye ble
e zèb santi fò ranplase lòj la.”