Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
22
1 Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:
2 “Èske yon [~1~]nonm plen kouraj kapab itil a Bondye?
Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.
3 Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou,
oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?
4 Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye
ke L ap repwoche ou?
Ke l ap [~2~]antre nan jijman kont ou?
5 Se pa ke [~3~]mechanste ou gran
e inikite ou yo san limit?
6 Paske ou te [~4~]pran garanti a frè ou yo san koz
e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.
7 A moun fatige yo, ou [~5~]pa t bay dlo pou bwè
e a grangou yo, ou te [~6~]refize yo pen.
8 Men tè a se pou nonm ki pwisan an,
e se [~7~]moun entèg ki rete ladann.
9 Ou te voye vèv yo ale men vid
e te kraze fòs a [~8~]òfelen yo.
10 Akoz sa, pèlen yo antoure ou,
e [~9~]laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,
11 oswa se [~10~]fènwa pou ou pa kab wè
ak anpil dlo ki kouvri ou.
 
12 “Èske Bondye pa [~11~]nan wotè syèl la?
Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!
13 Ou di: [~12~]‘Kisa Bondye konnen?
Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?
14 [~13~]Nwaj yo se yon plas pou L kab kache,
pou L pa kab wè.
Se anwo plafon syèl la l ap mache.’
15 Èske ou va kenbe [~14~]ansyen chemen a,
kote mesye mechan yo te mache,
16 ki te rachte avan lè yo,
ki te lese fondasyon ki lave a
retire nèt pa rivyè a?
17 Yo te [~15~]di a Bondye: ‘Kite nou!’,
Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’
18 Sepandan, Li te [~16~]ranpli lakay yo ak bon bagay;
men [~17~]konsèy a mechan yo lwen m.
19 [~18~]Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan.
Inosan yo moke yo.
20 Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt.
E [~19~]dife a fin manje retay yo.’
 
21 [~20~]“Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L;
se konsa, sa ki bon va rive kote ou.
22 Souple, resevwa [~21~]enstriksyon nan bouch Li
e etabli pawòl Li yo nan kè ou.
23 Si ou retounen bò kote Toupwisan an,
ou va restore,
si ou [~22~]retire inikite a byen lwen tant ou.
24 [~23~]Mete riches ou nan pousyè a,
lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo.
25 Alò, se Toupwisan an ki va riches ou,
e pi bèl ajan pou ou.
26 Paske konsa ou va [~24~]rejwi nan Toupwisan an,
e leve figi ou vè Bondye.
27 Ou va priye a Li menm, e [~25~]Li va tande ou.
Ou va peye ve ou yo.
28 Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou;
konsa limyè va briye sou wout ou.
29 Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans,
e moun ki [~26~]enb lan, Li va sove li.
30 Li va delivre menm sila ki pa inosan yo,
e [~27~]delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”

<- Job 21Job 23 ->