19
1 Epi Job te reponn:
2 Pou konbyen de tan, nou va toumante m,
e kraze mwen avèk pawòl yo?
3 Dis fwa sa yo nou te ensilte m;
nou pa menm wont fè m tò.
4 Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.
5 Si anverite nou vin [~1~]ògeye kont mwen,
e fè m wè prèv a gwo wont mwen,
6 Alò, konnen byen ke [~2~]Bondye te fè m tò,
e te fèmen [~3~]pèlen Li an antoure mwen.
7 “Gade byen, [~4~]mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons.
Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.
8 Li te [~5~]bare chemen mwen pou m pa kab pase,
e Li te mete fènwa sou pa m yo.
9 Li te retire lonè sou mwen e
te retire kouwòn nan sou tèt mwen.
10 Li [~6~]kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt;
Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.
11 Anplis, Li te [~7~]limen lakòlè Li kont mwen
e te [~8~]konsidere m kon lènmi Li.
12 Lame Li a vin rasanble pou
[~9~]bati chemen pa yo kont mwen.
Yo fè kan kap antoure tant mwen an.
13 “Li te retire frè m yo byen lwen mwen
e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.
14 Fanmi mwen yo vin fè fayit
e pi pwòch [~10~]zami m yo te bliye m.
15 Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo
konsidere m kon yon etranje.
Mwen se yon etranje menm nan zye yo.
16 Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn;
mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.
17 Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen,
e mwen vin abominab a pwòp frè m.
18 Timoun yo meprize mwen.
Mwen leve e yo pale kont mwen.
19 Tout [~11~]asosye m yo etone ak krent devan m.
Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.
20 [~12~]Zo m yo kole sou po m ak chè m;
se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.
21 “Gen pitye pou mwen, gen pitye,
O nou menm ki zanmi mwen yo,
paske [~13~]men Bondye vin frape mwen.
22 Poukisa n ap [~14~]pèsekite mwen menm tankou Bondye
e pa satisfè ak chè mwen.
23 O ke pawòl mwen yo te ekri!
O ke yo te [~15~]enskri nan yon liv!
24 Ke avèk pwent plim ak plon,
yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!
25 Men pou mwen, mwen konnen ke [~16~]Redanmtè mwen an vivan.
Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.
26 Menm lè po m fin detwi,
malgre chè m fin sòti,
mwen va [~17~]wè Bondye nan chè a;
27 ke mwen, mwen menm va wè,
ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje.
“Kè m [~18~]vin fèb anndan m.
28 Si nou di: ‘Kijan nou va pèsekite li!’
pwiska rasin ka sa a se nan mwen,’
29 fè lakrent [~19~]nepe a pou kont nou,
paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a.