18
1 Epi Bildad, Shuach la te reponn:
2 “Pou jiskilè ou va chase pawòl?
Montre bon sans ou pou nou kab pale.
3 Poukisa nou [~1~]gade tankou bèt,
tankou sòt nan zye ou?
4 O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou,
èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone,
oswa wòch la deplase nan plas li?
5 “Anverite, [~2~]limyè a mechan an va etenn,
e flanm dife li pap bay limyè.
6 Limyè nan tant li an vin [~3~]fènwa,
e lanp li etenn sou li.
7 Gran pa dyanm li yo vin kout,
e [~4~]pwòp manèv li a vin desann li.
8 Paske li [~5~]tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li
e li mache sou file a.
9 Yon pèlen pran l pa talon,
e yon filè vin fèmen sou li.
10 Yon pyèj kache pou li nan tè a,
e yon zatrap sou chemen li.
11 Patou [~6~]laperèz fè l sezi e kouri dèyè l
nan chak pa ke li fè.
12 Fòs li vin [~7~]epwize e gwo dega parèt akote li.
13 Kò li devore pa maladi;
premye ne lanmò a [~8~]devore manm kò li yo.
14 Li [~9~]fin chire soti nan sekirite tant li an
e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.
15 Anyen pa rete nan tant li ki pou li;
[~10~]souf gaye toupatou sou abitasyon li.
16 [~11~]Rasin li vin sèch anba li,
e [~12~]branch li fin koupe pa anwo.
17 [~13~] Memwa li fin disparèt sou tè a
men li pa gen non nan okenn lòt peyi.
18 Li bourade pouse lwen limyè a pou rive [~14~]nan tenèb,
e chase jis deyò mond kote moun rete a.
19 Li pa gen ni [~15~]desandan ni posterite pami pèp li a,
ni okenn moun ki rete kote li te demere.
20 Sila nan lwès yo vin revòlte de [~16~]desten li
e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.
21 Anverite, se konsa [~17~]abitasyon a mechan yo ye a.