Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
17
1 “Lespri m fin kase.
Jou m yo etenn;
tonbo a pare pou mwen.
2 [~1~]Anverite mokè yo avè m,
e zye m fikse sou pwovokasyon yo.
 
3 “Depoze la koulye a, yon sekirite.
Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm.
Se kilès ki kab antann avè m?
4 Paske Ou te [~2~]anpeche kè yo konprann;
pou sa, ou pa p egzalte yo.
5 Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la,
menm zye pitit li yo va vin gate.
 
6 “Men Li te fè m vin tounen yon [~3~]vye pwovèb pou pèp la.
Konsa, yo vin [~4~]krache sou figi m.
7 Anplis, zye m vin [~5~]pa wè klè akoz doulè m,
e tout nanm mwen tankou lonbraj.
8 Moun ladwati va byen twouble ak sa,
e [~6~]linosan an va leve li menm kont enkwayan yo.
9 Malgre, [~7~]moun dwat la va kenbe chemen li
e [~8~]sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.
10 Men nou tout, retounen;
malgre mwen [~9~]pa twouve yon nonm saj pami nou.
11 [~10~]Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt,
menm dezi a kè mwen yo.
12 Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen.
Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.
13 Si mwen chache [~11~]Sejou mò yo kon lakay mwen,
si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;
14 Si mwen kriye a fòs tonbo a:
‘Se ou ki papa m’; epi a [~12~]vè a:
“Ou se manman m ak sè m’;
15 Alò, koulye a, se kibò [~13~]espwa mwen ye?
Epi se kilès k ap okipe espwa m?
16 Èske espwa m va desann avèk mwen
nan Sejou Lanmò yo?
Èske se ansanm n ap [~14~]desann nan pousyè a?”
 

<- Job 16Job 18 ->