Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
13
1 [~1~]“Veye byen, zye m gen tan wè tout sa.
Zòrèy mwen tande e konprann li.
2 [~2~]Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou;
mwen pa pi ba pase ou.
 
3 “Men [~3~]mwen ta pale ak Toupwisan an;
mwen vle diskite ak Bondye.
4 Men nou [~4~]sal moun ak manti.
Se yon bann [~5~]doktè sanzave nou ye.
5 Oswa pito ke ou ta [~6~]rete an silans nèt;
ke sa ta sèvi kon sajès ou!
6 Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.
7 Èske ou kab [~7~]pale pou Bondye sa ki pa jis,
e pale sa ki manti pou Li?
8 Èske ou va [~8~]pran ka pa Li?
Èske ou va diskite pou Bondye?
9 Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen?
Oswa [~9~]èske ou va twonpe Li
kon yon moun konn twonpe yon moun?
10 Anverite, Li va repwoche ou
si ou apye yon bò ak patripri.
11 Èske [~10~]majeste Li p ap bay ou lakrent?
Laperèz Li p ap tonbe sou ou?
12 Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann;
defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.
 
13 [~11~]“Rete an silans devan m pou m kab pale;
epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
14 Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m
e [~12~]mete lavi m nan men m?
15 [~13~]Malgre Li ta touye mwen,
mwen va mete espwa m nan Li.
Malgre, mwen va [~14~]fè diskou chemen mwen yo devan L.
16 Se sa, anplis, ki va [~15~]delivrans mwen;
paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.
17 Koute pawòl mwen byen pre e
kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.
18 Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an;
mwen konnen ke [~16~]mwen va jistifye.
19 [~17~]Se kilès ki va diskite kont mwen?
Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.
 
20 “Se sèl de bagay pou pa fè mwen;
konsa mwen p ap kache devan figi Ou:
21 [~18~]Retire men Ou sou mwen e
pa kite laperèz Ou fè m sezi.
22 Epi rele e [~19~]mwen va reponn;
oswa kite m pale epi reponn mwen.
23 [~20~]Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo
avèk peche m yo?
Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
24 Poukisa Ou [~21~]kache figi Ou e
konsidere m kon [~22~]lènmi Ou?
25 Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble?
Oswa èske Ou va kouri dèyè [~23~]pay van an seche a.
26 Paske Ou ekri [~24~]bagay anmè kont mwen
e [~25~]fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.
27 Ou [~26~]mete pye m nan chenn e
ou veye tout chemen mwen yo.
Ou limite distans pla pye m kab rive,
28 pandan mwen ap dekonpoze
kon yon [~27~]bagay k ap pouri,
kon yon vètman ki manje pa mit.”
 

<- Job 12Job 14 ->