Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
10
1 [~1~]“Mwen rayi pwòp lavi m;
mwen va fè tout fòs [~2~]plent mwen yo parèt.
Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.
2 Mwen va di a Bondye: [~3~]‘Pa kondane mwen!
Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.
3 Èske se vrèman bon pou Ou ta [~4~]oprime;
pou meprize zèv men Ou yo
e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?
4 Èske zye Ou fèt ak chè? Oswa [~5~]èske Ou wè
kon yon nonm wè?
5 Èske jou Ou yo tankou jou a moun mòtèl,
oswa [~6~]ane Ou yo tankou ane a yon nonm,
6 pou [~7~]Ou ta dwe chache koupabilite mwen
e fè rechèch dèyè peche m?
7 Malgre Ou konnen mwen pa koupab,
Sepandan, [~8~]nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’ ”
 
8 “Se [~9~]men Ou ki te fòme mwen nèt.
Konsa, [~10~]èske Ou ta detwi mwen?
9 Sonje, souple, ke Ou te fè m [~11~]kon ajil.
Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?
10 Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen
e fè m kaye tankou fwomaj?
11 Ou te abiye mwen ak po avèk chè
e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.
12 Ou te [~12~]ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou.
Se swen Ou ki te konsève lespri m.
13 Malgre [~13~]bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou.
Mwen konnen ke sa a se avèk ou:
14 si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen.
Ou [~14~]pa ta akite m de koupabilite mwen.
15 Si mwen mechan, malè a mwen!
Epi [~15~]si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen.
Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen.
16 Si tèt mwen ta vin leve wo, [~16~]Ou ta fè lachas
dèyè m tankou yon lyon;
epi ankò, Ou ta montre [~17~]pouvwa Ou kont mwen.
17 Ou renouvle [~18~]temwayaj Ou kont mwen,
e ogmante kòlè Ou vè mwen.
Dezas monte anwo dezas sou mwen.”
 
18 “Alò, [~19~]poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m?
Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!
19 Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste,
kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo.
20 Èske jou m yo pa kout?
Rete!
Ralanti sou mwen pou m kab jwenn
yon ti kras kè kontan,
21 avan ke m ale—[~20~]pou mwen pa tounen
nan andwa tenèb ak gwo fènwa!
22 Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la,
nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”

<- Job 9Job 11 ->