Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Apre bagay sa yo, te gen [~1~]yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.

2 La nan Jérusalem toupre [~2~] pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri. 3 Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a. 4 Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye lè dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen.

5 Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.

6 Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”

7 Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m [~3~]nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”

8 Jésus te di l [~4~]“Leve, pran kabann ou, epi mache!”

9 Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. [~5~]Jou sa a se te jou Saba.

10 Pou sa Jwif yo t ap di Li “Se jou Saba a. [~6~]Li pa pèmi pou ou pote kabann ou konsa.”

11 Men li te reponn yo: “Li menm ki te geri m nan, se Li menm ki di m ‘Pran kabann ou mache.’ ”

12 Yo te mande li: “Ki moun sa ki te di ou ‘Pran kabann ou mache a?’

13 Men li menm ki te geri pa t konnen ki moun Li te ye, paske Jésus te chape ale pandan yo te gen yon foul sou plas.

14 Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. [~7~]Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”

15 Nonm nan te ale e te di [~8~]Jwif yo ke se te Jésus ki te geri li.

16 Alò pou rezon sa a, [~9~]Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.

17 Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”

18 Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, [~10~]ki te fè Li vin egal avèk Bondye.

19 Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, [~11~]Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an. 20 [~12~]Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi [~13~]pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone. 21 Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou [~14~]bay yo lavi, menm jan an [~15~]Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.

22 “Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men [~16~]Li te bay tout jijman a Fis la, 23 Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. [~17~]Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.

24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi [~18~]kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi [~19~]pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.

25 “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè [~20~]mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi [~21~]sa yo ki tande ap viv.

26 “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an [~22~]Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm. 27 Li te bay Li otorite pou [~23~]egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.

28 “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè [~24~]tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, 29 epi ap vin parèt. [~25~]Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.

30 “Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi [~26~]jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men [~27~]volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.

31 [~28~]“Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè. 32 Gen [~29~]yon lòt moun ki pote temwayaj Mwen, epi M konnen ke temwayaj ke Li pote sou Mwen menm nan vrè.

33 “Ou te voye kote Jean, epi Li [~30~] te bay temwayaj a verite a. 34 Men [~31~] temwayaj ke Mwen resevwa a pa sòti nan lòm, men Mwen di nou bagay sa yo pou nou kapab sove.

35 “Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te [~32~]rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.

36 “Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske [~33~]zèv ke Papa a te ban M pou [~34~]acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M. 37 E Papa a ki te voye M nan, [~35~]Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li.

38 “E nou pa gen [~36~]pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a. 39 [~37~]Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.

40 “Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.

41 [~38~]“Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm. 42 Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lamou Bondye nan nou menm.

43 “Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M.

“Men [~39~]si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l. 44 Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache [~40~]glwa a ki sòti sèlman nan [~41~]sèl Bondye ki genyen an.

45 “Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se [~42~]Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou.

46 “Paske si nou te kwè Moïse, nou t ap kwè Mwen, paske [~43~]li te ekri selon Mwen menm. 47 Men [~44~]si nou pa kwè sa ke li te ekri, kijan nou va kwè pawòl pa Mwen yo.”

<- Jean 4Jean 6 ->