1 Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele [~1~]Nicodème, yon chèf a Jwif yo. 2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: [~2~]“Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske [~3~]Bondye avè L.”
3 Jésus te reponn e te di:
4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”
5 Jésus te reponn li
9 Nicodème te reponn Li: “Kijan bagay sa yo kapab ye?”
10 Jésus te reponn:
12
13 [~9~]
14
16
18
19
20 [~17~]
22 Apre bagay sa yo, Jésus avèk disip Li yo te vini nan peyi Judée, e la Li t ap pase tan avèk yo epi t ap [~19~]batize.
23 Konsa, Jean osi t ap batize nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. E yo t ap vini e t ap batize. 24 Paske [~20~]Jean potko jete nan prizon.
25 Konsa, te leve yon diskisyon antre disip a Jean yo ak yon Jwif sou afè [~21~]pirifikasyon. 26 Yo te vin kote Jean pou di l, [~22~]“Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”
27 Jean te reponn e te di: [~23~]“Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la. 28 Nou menm se temwen m lè mwen te di: [~24~]‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’
29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se [~25~]jennonm k ap marye. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli. 30 Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”
31 [~26~]Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.
32 Sa ke Li te wè epi tande, se sou sa Li [~27~]bay temwayaj. Epi pa gen pèsòn ki resevwa temwayaj Li. 33 Sila ki resevwa temwayaj Li mete so li sou sa, ke Bondye vrè. 34 Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. [~28~]Paske Li bay Lespri a san mezi.
35 [~29~]Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.
36 Sila ki [~30~]kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li.
<- Jean 2Jean 4 ->