2 Se te sè Lazare, Marie ki te [~2~]onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad. 3 Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, [~3~]sila ke ou renmen an malad.”
4 Men lè Jésus te tande sa, Li te di:
8 Disip Li yo te di Li: “Rabbi, fenk koulye a Jwif yo t ap [~7~]eseye lapide Ou, epi W ap prale la ankò?”
9 Jésus te reponn yo: [~8~]
11 Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo:
12 Konsa, disip Li yo te di L: “Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè.” 13 Alò [~10~]Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vrè dòmi.
14 Pou sa, Jésus te di yo byen klè:
16 Pou sa, Thomas, ke yo rele osi [~11~]Didyme, te di disip parèy li yo: “Annou ale avèk Li pou nou kapab mouri avè L.”
17 Konsa, lè Jésus te vini, Li te twouve ke Li te deja nan tonm nan depi kat jou. 18 [~12~]Béthanie te prè Jérusalem. Anviwon twa kilomèt distans.
19 Anpil nan Jwif yo te deja vin kote Marthe ak Marie [~13~]pou konsole yo konsènan frè yo.
20 Pou sa, lè [~14~]Marthe te tande ke Jésus t ap vini, li te ale rankontre Li. Men Marie te toujou chita nan kay la.
21 Konsa, Marthe te di a Jésus: “Senyè, [~15~]si Ou te la, frè m nan pa t ap mouri. 22 Menm koulye a, mwen konnen ke [~16~]nenpòt bagay ke Ou mande Bondye, Bondye ap bay Ou li.”
23 Jésus te di li:
24 Marthe te reponn Li: [~17~]“Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”
25 Jésus te reponn Li: [~18~]
27 Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se [~20~]Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”
28 Lè li te di sa, li te ale, e te rele Marie, sè li, e te di l apa: [~21~]“Mèt la rive, e L ap mande pou ou.” 29 E lè li tande sa, li te leve vit, epi t ap vin kote Li. 30 Jésus poko te rive nan bouk la, men [~22~]te toujou nan plas kote Marthe te rankontre Li a. 31 [~23~]Jwif yo ki t ap konsole li nan kay la te wè l leve vit e sòti. Epi yo sipoze ke li t ap ale nan tonm nan pou kriye.
32 Konsa, lè Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: “Senyè, [~24~]si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri.”
33 Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li [~25~]te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble. 34 Li te di:
35 Jésus te [~26~]kriye.
36 E Jwif yo t ap di: “Gade kijan Li [~27~]te renmen l.” 37 Men kèk nan yo te di: “Èske nonm sila a [~28~]ki te louvri zye a sa ki te avèg la, pa t kab anpeche moun sa a mouri osi?”
38 Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon [~29~]kav e yon wòch te apiye sou Li.
39 Jésus te di:
40 Jésus te di li: [~30~]
41 Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus [~31~]te leve zye Li e te di: [~32~]
43 Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa:
45 Pou sa, anpil nan sa [~36~]ki te vin kote Marie yo, e ki te wè sa Li te fè a, te kwè nan Li.
46 Men kèk nan yo te ale nan [~37~]Farizyen yo e te di yo sa ke Jésus te fè a.
47 Konsa, [~38~]chèf prèt yo avèk Farizyen yo te [~39~]konvoke yon gran konsèy. Yo t ap di: “Kisa n ap fè, pwiske nonm sila a ap fè anpil sign.” 48 “Si nou kite Li kontinye konsa, tout moun ap kwè nan Li, epi Women yo ap vin pran ni [~40~]plas nou, ni nasyon nou.”
49 Men youn nan yo, Caïphe, [~41~]ki te granprèt pou lane sila a, te di yo: “Nou pa konnen anyen, 50 ni nou pa kontwole ke [~42~]li ta meyè pou nou si yon moun ta mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri.” 51 Alò li pa t di sa pou kont li, men [~43~]akoz ke li te wo prèt nan lane sa a, li t ap fè pwofesi ke Jésus t ap mouri pou nasyon an. 52 E pa sèlman pou nasyon sila a, men ke Li ta kab [~44~]ranmase ansanm pou fè yon sèl, tout pitit Bondye ki te gaye a letranje yo. 53 Depi jou sa, yo t ap [~45~]fè plan pou touye L.
54 Pou sa, Jésus [~46~]pa t ankò mache an piblik pami Jwif yo, men te kite la pou ale nan peyi toupre dezè a, nan yon vil yo rele Éphraïm. Li te rete la avèk disip Li yo.
55 Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, [~47~]pou yo ta kab vin pirifye. 56 Konsa, yo [~48~]t ap di youn ak lòt pandan yo kanpe nan tanp lan: “Kisa nou panse. Èske Li p ap menm vini nan fèt la?” 57 Alò, [~49~]chèf prèt yo ak Farizyen yo te bay lòd pou si nenpòt moun te konnen kote Li te ye, yo dwe bay rapò pou yo ta kab sezi L.
<- Jean 10Jean 12 ->