Mwen va fè vil Juda yo yon [~9~]kote ki kraze nèt,
san pèsòn pou rete ladan.”
12 Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? [~10~]Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?
13 SENYÈ a di: “Akoz yo te [~11~]abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li, 14 men te [~12~]mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.” 15 Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va [~13~]fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè. 16 Mwen va [~14~]gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”
17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Konsidere e rele [~15~]fanm pou fè dèy, pou yo ka vini.
“ ‘Kadav moun yo va tonbe tankou [~20~]fimye bèt nan chan,
tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la.
Pèsòn p ap ranmase yo.’ ”
23 Konsa pale SENYÈ a:
[~21~]“Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.
Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,
ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
24 Men kite sila ki [~22~]vin ògeye a, vin ògeye nan sa;
ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,
ke se Mwen se SENYÈ a,
ki aji nan lanmou dous, jistis,
ak ladwati sou latè a;
paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
25 Gade byen, gen jou k ap vini, “deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo [~23~]pa sikonsi— 26 Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se [~24~]ensikonsi nan kè.”