1 “Pran flit pou sove, O fis a [~1~]Benjamin yo! Sòti nan mitan Jérusalem! Soufle yon twonpèt Tekoa e leve sinyal la sou Beth-Hakkérem, paske malè ap veye nou soti nan nò, yon gwo destriksyon. 2 Sila ki bèl e delika a, [~2~]fi a Sion an, Mwen va koupe retire l nèt. 3 [~3~]Bèje yo ak bann mouton pa yo va vin kote li. Yo va monte tant yo antoure li, e yo chak va fè pak bèt yo nan plas yo.
4 [~4~]“Prepare lagè kont li! Leve! Annou atake a midi. Malè a nou menm, paske joune a ap vin bese, paske lonbraj lannwit yo ap vin pi long! 5 Leve e annou atake pandan nwit lan pou [~5~]detwi palè li yo!” 6 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo; “Koupe pyebwa li yo, e fè monte yon [~6~]ran syèj kont Jérusalem. Se vil ki dwe pini an, vil ki plen opresyon an. 7 Kon yon pwi kenbe dlo li fre, se konsa li rafrechi mechanste li. [~7~]Vyolans ak destriksyon vin tande nan li. Maladi ak blesi devan M tout tan. 8 Se pou ou vin avèti, O Jérusalem, [~8~]pou M pa vin about ak ou, pou vin fè ou dezole, yon peyi ki san moun.”
9 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Yo va [~9~]fè yon rekòlt nèt, tankou chan rezen retay Israël la. Repase men ou ankò sou branch yo konsi se dènye ranmase rezen yo.”
10 Se a kilès pou m ta pale e bay avètisman pou yo ka tande? Gade byen, zòrèy yo bouche e yo p ap ka koute. Gade byen, [~10~]pawòl SENYÈ a vin sèvi kon repwòch pou yo. Yo pa twouve okenn plezi ladann. 11 Men mwen [~11~]plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan.
16 Konsa pale SENYÈ a: “Kanpe akote chemen yo e gade. Mande pou ansyen wout yo, ‘Kote bon chemen an ye?’ Mache ladann l. Konsa, [~16~]nou va jwenn repo pou nanm nou.” Men yo te di: ‘Nou p ap mache ladann’. 17 Mwen te mete [~17~]gadyen yo sou nou. Mwen te di: ‘Koute son a twonpèt la!’ Men yo te di: ‘Nou p ap koute.’ 18 Pou sa, tande, O nasyon yo e konnen, O asanble a, sa ki pami yo. 19 Koute, O latè! Gade byen, Mwen ap mennen gwo dega sou pèp sa a; menm [~18~]fwi a panse pa yo, akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo, e selon lalwa Mwen an, yo te rejte li. 20 Paske kisa sa sèvi [~19~]lansan ki rive kote Mwen sòti Séba, ak kann dous soti nan yon peyi lwen? Ofrann brile nou yo pa fè M plezi.”
21 Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, [~20~]Mwen ap poze blòk k ap fè pèp sa a bite. Yo va bite kont yo. Papa yo ak fis yo va bite ansanm. Vwazen ak zanmi li va peri.” 22 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, [~21~]yon pèp ap sòti nan peyi nò, yon gwo nasyon va leve soti nan ekstremite latè byen lwen. 23 Yo kenbe rèd ak [~22~]banza ak lans. Yo mechan anpil e yo pa gen mizerikòd menm. Vwa pa yo fè raj tankou lanmè, e yo monte sou cheval yo, byen alinyen kon yon sèl moun pou batay kont ou, O fi Sion nan!”
24 Nou konn tande rapò sa a. Men nou yo vin lage nèt. Gwo [~23~]doulè fin sezi nou tankou doulè a yon fanm k ap akouche. 25 Pa antre nan chan an, ni pa mache sou wout la, paske nepe lènmi a ak [~24~]gwo laperèz sou tout kote. 26 O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! [~25~]Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.
27 “Mwen te [~26~]fè ou eseyis la pou sonde metal pami pèp Mwen an, pou ou ka sonde e konnen chemen yo. 28 Yo tout fè rebèl ak tèt di. Y ap mache toupotou bay move rapò a lòt. Se [~27~]bwonz ak fè yo ye; yo tout konwonpi. 29 Ponp fòj la soufle fò. Plon an manje nèt nan dife a. Anven, yo rafine toujou, men [~28~]mechan yo pa janm vin separe. 30 Moun va rele yo ajan rejte, akoz [~29~]SENYÈ a te rejte yo.”
<- Jérémie 5Jérémie 7 ->