7 Alò, tout chèf lame ki te nan chan an ak mesye pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, sou peyi a, e ke li te mete li an chaj de tout mesye yo, fanm ak timoun yo, sila ki te [~7~]pi malere pase tout moun nan peyi a, ki pa t oblije fè egzil Babylone yo. 8 Pou sa, yo te vin kote Guedalia Mitspa, ansanm ak Ismaël, fis a Nethania a ak Jochanan e Jonathan, fis a Karéach, Seraja, fis a Thanhumeth, fis a Éphaï, [~8~]Nethopha ak Jezania, fis a Maacatite, yo menm ak mesye pa yo. 9 Epi Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, te [~9~]sèmante a yo menm e a mesye pa yo. Li te di: “Pa pe sèvi Kaldeyen yo. Rete nan peyi a pou sèvi wa Babylone nan, pou sa ale byen pou nou. 10 Alò, pou mwen menm, gade byen, mwen ap rete Mitspa, pou m ka [~10~]kanpe pou nou devan Kaldeyen ki va vini kote nou yo. Men pou nou, ranmase divin nan, fwi sezon ete a ak lwil epi mete yo nan veso pou konsève yo e rete nan vil nou ke nou fin okipe yo.”
11 Menm jan an osi, tout Jwif ki te [~11~]Moab yo, pami fis a Ammon nan Edom yo e ki te nan tout lòt peyi yo, te tande ke wa Babylone nan te kite yon retay pou Juda, e ke li te deziyen sou yo, Guedalia, fis a Achakim, fis a Schaphan an. 12 Epi tout Jwif yo te [~12~] retounen soti tout kote ke yo te chase ale yo pou te vini nan peyi Juda, kote Guedalia nan Mitspa e te ranmase diven nan gran sezon an an gran kantite.
13 Alò, Jochanan, fis a Karéach ak tout chèf lame ki te nan chan an te vini a Guedalia nan Mitspa. 14 Yo te di a li menm: “Èske ou konnen ke Baalis, wa a fis [~13~]Ammon yo te voye Ismaël, fis a Nethania a, pou pran lavi ou?”
15 Epi Jochanan, fis a Karéach la, te pale an sekrè ak Guedalia nan Mitspa. Li te di: [~14~]“Kite mwen ale touye Ismaël, fis a Nethania a e pèsòn p ap konnen! Poukisa li ta dwe pran lavi ou pou tout Jwif ki rasanble a ou menm yo ta gaye, e pou retay Juda a ta peri?”
16 Men Guedalia, fis a Achikam nan, te di a Jochanan, fis a Karéach la: [~15~]“Pa fè bagay sa a, paske ou ap di yon manti sou Ismaël.”
<- Jérémie 39Jérémie 41 ->