23 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Yon fwa ankò, yo va pale pawòl sa a nan peyi Juda ak nan vil li yo lè M fin restore bonè li: ‘Ke SENYÈ a beni ou, O [~22~]kay ladwati a, O mòn sen an!’ 24 Juda ak tout vil li yo va demere ansanm ladann, kiltivatè a ak sila k ap deplase ak bann mouton li yo. 25[~23~]Paske Mwen rafrechi chak nanm ki fatige ak tout moun ki pèdi fòs yo.”
26 Nan moman sa a, mwen te [~24~]reveye nan dòmi, e mwen te gade; dòmi an te tèlman dous pou mwen.
27 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè M va [~25~]plante lakay Israël ak lakay Juda avèk semans a lòm e avèk semans a bèt. 28 Konsi Mwen te veye sou yo pou rache yo, pou kraze yo, pou boulvèse yo, pou detwi yo, e pou mennen gwo dezas; se konsa mwen va veye sou yo pou [~26~]bati e pou plante,” deklare SENYÈ a. 29 “Nan jou sa yo, yo p ap di ankò:
30 Men [~28~]chak moun va mouri akoz pwòp inikite pa li. Chak moun ki manje rezen si yo, se pwòp dan pa l k ap vin kanpe apik.
31 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon [~29~]akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, 32 pa tankou [~30~]akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a. 33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:
35 SENYÈ a ki [~33~]bay solèy kon limyè nan lajounen
e ki etabli lòd pou lalin ak zetwal yo pou bay limyè nan aswè,
ki boulvèse lanmè a jis lanm li gwonde—
SENYÈ dèzame yo se non Li, k ap di:
36[~34~]“Si lòd sa a vin deregle devan M, deklare SENYÈ a:
“Alò desandan Israël yo osi va sispann
kon yon nasyon devan M, jis pou tout tan.”
37 Konsa pale SENYÈ a: “[~35~]Si syèl anwo yo ka mezire,
e fondasyon tè yo ka kontwole pa anba;
alò, Mwen va osi jete tout desandan Israël yo nèt
pou tout sa yo te fè yo,” deklare SENYÈ a.
38 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “Lè [~36~]vil la va rebati pou SENYÈ a, soti nan fò Hananeel la jis rive nan Pòtay Kwen an. 39 Konsa [~37~]lign mezi a va kontinye ale tou dwat jis rive nan kolin Gareb, epi li va vire Goath. 40 “Konsa tout vale kadav yo ak sann yo, e tout chan yo jis rive nan flèv [~38~]Cédron nan, pou rive nan kwen Pòtay Cheval la, vè lès, va sen a SENYÈ a. Konsa, li p ap rache retire, ni jete ba ankò, jis pou tout tan.”